Print Sermon

Objektif sitwèb sa a se founi maniskri mesaj gratis ak videyo mesaj yo bay pastè yo ak misyonè yo atravè mond lan, espesyalman nan peyi soudevlope yo, kote ki pa gen kèk seminè teyolojik oswa lekòl Biblik.

Maniskri mesaj sa yo ak videyo yo ale kounye a nan anviwon 1,500,000 òdinatè nan plis pase 215 peyi chak ane nan www.sermonsfortheworld.com Dè santèn lòt moun gade videyo yo sou YouTube, men byento yo kite YouTube epi vini sou sit entènèt nou an.YouTube alimante moun yo nan sit entènèt nou an. Maniskri mesaj yo difize nan 46 lang a anviwon 120,000 òdinatè chak mwa. Maniskri mesaj yo pa gen dwadotè, konsa predikatè yo ka itilize yo san pèmisyon nou. Tanpri klike isit la pou aprann kijan ou ka fè yon don chak mwa pou ede nou nan gwo travay sa a pou preche Levanjil la nan lemonn antye.

Chak fwa ou ekri Doktè Hymers, toujou di l nan ki peyi ou rete, oswa li pa ka reponn ou. Imel Doktè Hymers se: rlhymersjr@sbcglobal.net.




KIJAN KRIS LA PRAL ETABLI WAYÒM TÈRÈS LI A

HOW CHRIST WILL SET UP HIS EARTHLY KINGDOM
(Creole)

pa Doktè R. L. Hymers, Jr.

Yon mesaj ki te preche nan Tabenak Batis Los Angeles la
Jou Aswè Senyè a, Janvye, 2019
A sermon preached at the Baptist Tabernacle of Los Angeles
Lord’s Day Evening, January 13, 2019

“Lè sa a la desann kanpe sou mon pye oliv yo, ki anfas lavil Jerizalèm, sou bò solèy leve. Mòn lan va fann de bò nèt ale, l a fè yon fon nan mitan ki soti bò solèy leve desann bò solèy kouche: mwatye nan mòn lan va fè bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid. N a lonje fon nan pou nou kouri chape kò nou jouk n a rive lòt bò mòn Atsèl. N a kouri met deyò menm jan zansèt nou yo te fè l la lè tranblemanntè a te pase sou reny Ozyas, wa peyi Jida a. Senyè a, Bondye nou an, va vini, l ap mennen tout moun pa l yo avè l… Lè sa a, se Senyè a ki pral sèl wa sou tout latè. Lè sa a, se li ki pral sèl Bondye pou tout moun. Se li menm ase tout moun ap konnen” (Zakari 14:4-5, 9).


Prèske tout moun nan mond lan te tande pale de premye vini Kris la, voye pa Bondye nan matris yèj Mari a, ki te fèt nan yon etab nan lavil Betleyèm. Wi, nou tout te tande pale de premye retou Kris la. Men, referans nan Bib la konsènan Dezyèm retou Li a yo pi nonbre pase referans Li yo nan premye retou l lan pa yon faktè de uit a yon sèl. Doktè David Jeremi te di konsa,

Savan yo konte 1,845 referans Biblik nan Dezyèm retou a, ki gen ladan 318 nan Nouvo Testaman an. Retou li a souliyen nan pa mwens pase disèt liv Ansyen Testamen ak sèt chapit sou dis nan Nouvo Testaman an. [Kris la] Li menm te refere a retou li venteyen fwa. Dezyèm retou a se dezyèm sèlman nan lafwa kòm sijè ki pi dominan nan Nouvo Testaman an (David Jeremi, D.D., Kisa k ap pase nan mond lan?, Thomas Nelson Publishers, 2008, paj 217).

Youn nan pasaj ki pi klè nan Ekriti konsènan Dezyèm Retou Kris la se tèks nou an, Zakari 14:4-5, 9. Nou aprann twa gwo leson nan tèks sa a.

I. Premyèman, Kris la pral retounen sou Mòn Oliv la.

Mwen konvenki ke nòt Scofield la toutafè jis.

Zakari 14 se yon rekapitilasyon de tout zafè a. Lòd la [nan evènman yo] se: (1) Rasanbleman nasyon yo, v. 2 (al gade “Amagedon,” Rev. 16:14; 19:11, nòt); (2) deliverans lan, v. 3; (3) retou Kris la sou Mòn Oliv yo, ak chanjman fizik sèn lan, vs. 4-8; (4) etablisman wayòm nan, ak benediksyon tout moun sou tè a. vs. 9-21 (Bib Etid Scofield la, 1917 edisyon, p. 978; nòt sou Zakari 13:8).

Pwisans mondyal Payen yo, ki te dirije pa antiKris la, pral voye lame yo kont pèp Izrayèl la nan Vale Megido a, rekonèt sou non Amagedon. Lame antiKris yo pral apwoche Jerizalèm, men Kris la ap retounen toudenkou sòti nan syèl la epi konkeri yo. Tanpri kanpe epi li Zakari 14: 3-4.

“Lèfini, Senyè a pral parèt pou l al goumen ak nasyon yo, jan li te konn goumen nan tan lontan an. Lè sa a, l a desann kanpe sou mòn pye oliv yo, ki anfans lavil Jerizalèm, sou bò solèy leve. Mòn lan va fann de bò nèt ale, l a fè yon fon nan mitan ki sòti bò solèy leve desann bò solèy kouche: mwatye nan mon lan va fe bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid” (Zakari 14:3-4).

Ou ka chita.

“Lè sa a, l a kanpe sou Mòn pye Oliv yo” (Zakari 14:4). Mòn Oliv yo se jis sou bò solèy leve nan lavil Jerizalèm. Sa a se menm Mòn Oliv yo kote Jezi te ale lapriyè nan lannwit yo te arete l la. Se menm Mòn Oliv yo kote Jezi te monte nan syèl la, jan sa ekri nan Travay 1:9-12.

“Aprè li fin di yo sa, li monte nan syèl. Antan yo t pa gade li, yon nyaj vin bouche l devan je yo. Yo te gen je yo fikse nan syel la kote Jezi t ap monte a, lè de zòm, abiye tout an blan, parèt konsa bò kote yo. De zòm yo di yo : Nou menm, moun Galike, poukisa nou rete la ap gade syèl la konsa? Jezi monte nan syèl la, li gen pou l tounen menm jan nou wè l monte nan syèl la, se pou nou vini menm jan nou te wè l nan syèl la. Aprè sa, yo tounen lavil Jerizalèm, sou mon ki rele Olivèt la, ki sòti lavil Jerizalèm lan pou jou repo a” (Travay 1:9-12).

“Lè sa a, l a kanpe sou Mòn pye Oliv yo” (Zakari 14:4). Menm pye yo ki te pèse ak klou yo sou Kwa a pral desann sou mòn lan kote li te remonte nan syèl nan Travay 1:9.

“E Mòn Oliv yo pral fann de bò nèt ale, l a fè fon nan mitan ki sòti bò solèy leve desann bò solèy kouche: e pral gen yon gwo fon; mwatye nan mòn lan va fè bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid” (Zakari 14:4). Doktè McGee te di,

Gran chanjman fizik ki pral pran plas yo mansyone a nou isit la. Li pral gen yon gwo tranblemanntè, epi Mòn Oliv yo pral fann dwat desann nan mitan an. Mwatye nan li pral ale nan nò ak mwatye nan sid la. “Epi pral gen yon trè gwo fon” (J. Vernon McGee, Th.D.,Through the Bible/Atravè Bib la Thomas Nelson Publishers, 1982, volim III, p. 986).

Se premye pwen an – Kris la pral retounen nan syèl la nan Mòn Oliv yo.

+ + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + +

MESAJ NOU YO DISPONIB NAN TELEFÒN SELILÈ OU A KOUNYE A.
ALE NAN WWW.SERMONSFORTHEWORLD.COM.
KLIKE SOU NOUVO BOUTON VÈT LA AK MO “APLIKASYON” SOU LI A.
SWIV ENSTRIKSYON YO K AP VINI AN.

+ + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + +

II. Dezyèmman, Kris la pral retounen avèk tout sen Li yo.

Gade nan fen vèsè senk lan.

“Senyè a, Bondye nou an, va vini, l ap mennen tout moun pa l yo avè l” (Zakari 14:5).

Sa vle di ke tout Kretyen yo te deja presedamman anleve yo pral desann nan syèl la, suiv Kris la, sou Mòn Oliv la. Evènman sa a te premye pwofetize pa Enòk.

“Depi lontan, Enòk, ki te vin sèt jenerasyon aprè Adan, te pale sou yo, lè l te di: Koute. Men Bondye ap vini ak di mil (10,000) lame moun pa li yo” (Jid 14).

E Apòt Jean te pale de sa nan Revelasyon 19:14, “Lame ki nan syèl la t ap swiv Li,” kòm Li desann sou Mòn Oliv yo pou detwi lame AntiKris la. Doktè Jeremi te di,

Lame ki nan syèl la ki akonpanye Kris la nan dezyèm retou l la pral gen ladan l sen ak zanj yo – moun tankou ou menm ak mwen kanpe kòtakòt ak et nan syèl la nan pouvwa imans… yo pral goumen. Jezi li menm pral touye rebèl (David Jeremi, ibid., p. 224).

Lame ki nan syèl la ki akonpanye Kris la nan dezyèm retou l la. “Senye a, Bondye nou an, va vini, l ap mennen tout moun pal yo avè l” (Zakari 14:5).

Doktè McGee te di,

Sa a se yon pasaj trè enteresan nan Ekriti a. Li se yon foto nan Senyè Jezi Kris la retounen sou latè. Nou jwenn sa a tou nan Revelasyon 19 kote nou te di ke lame yo nan syèl la ap suivLi (J. Vernon McGee, ibid.).

Sa a se dezyèm pi gwo pwen nan pwofesi Zakari a – Kris la ap retounen konkeri lame AntiKris la ak tout Sen Li yo. Tout konvèti vre, tout laj, pral retounen avèk Kris sou tè a nan moman sa a.

Di mil fwa di mil
   Nan rad klere yo,
Lame sen rachte yo
   Antoure mach yo ak limyè;
’Se fini, tout bagay fini,
   Batay yo ak lanmò ak peche;
Louvi pòt laj dore yo,
   E kite venkè yo nan.
(“Di Mil Fwa Di Mil” pa Henry Alford, 1810-1871).

John Cennick ak Charles Wesley te ekri,

Lo! Li vini nyaj yo ki desann,
   Yon fwa sali nou mouri;
Dè mil, mil sen ki asiste,
   Gonfle triyonf nan tren L lan;
Alelouya! Alelouya!
   Bondye parèt sou late pou renye.
(“Lo! Li Vini” pa John Cennick, 1718-1755;
     modifye pa Charles Wesley, 1707-1788).

III. Twazyèmman, Kris la pral retounen pou etabli Wayòm tèrès Li.

Silvouplè, kanpe epi li stand and read Zakari 14:9 byen fò.

“Lè sa a, se Senyè a ki pral sèl wa sou tout latè. Lè sa a, se li ki pral sèl Bondye pou tout moun. Se li menm ase tout moun ap konnen” (Zakari 14:9).

Ou ka chita. Kris la pral wa sou tout latè nan jou sa a. Nan dènye a, lapriyè ke Kretyen yo te priye pou de mil ane ap reponn,

“Vin tabli gouvènman ou, pou yo fè volonte ou sou latè, tankou yo fè l nan syèl la” (Matye 6:10).

E Wayòm tèrès Li a pral dire pou yon mil ane. Silvouplè, ale nan Revelasyon chapit 20, vèsè 4 a 6. Li vèsè sa yo byen fò.

“Lè sa a, mwen wè yon bann fotèy. Moun ki te chita sou fotèy yo te resevwa pouvwa ran jijman. An menm tan an tou, mwen we nanm moun yo te koupe tèt yo paske yo t ap bay verite Jezi te fè nou konnen an ansanm ak pawòl Bondye a.Moun sa yo te refize adore ni bèt la, ni estati l la. Yo pa t resevwa mak bèt la sou fwon yo ni sou men yo. Yo leve sòti vivan nan lanmò. Y ap gouvènen avèk Kris la pandan mil (1,000) an. (Lòt mò yo pat leve sòti vivan nan lanmò toutotan mil (1,000) an pa pase.) Se sa yo rele premye leve vivan sòti nan lanmò a. Benediksyon pou moun k ap patisipe nan premye leve vian sòti nan lanmò sa a! Yo se moun Bondye vre. Dezyèm lanmò a p ap gen pouvwa sou yo. Yo pral sèvi Bondye ak Kris la tankou prèt. Yo pral gouvenen avè l pandan mil (1,000) ane” (Revelasyon 20:4-6).

Temwen Jewova yo kwè nan Wayom 1,000 ane a. Men, yo pa konnen ki jan pou antre nan li yo menm! Mwen gen nan biwo m yon trak Temwen Jewova ki gen tit: “Tout soufrans pral fini!” Nan fen trak la, li di: “Lè lafen an vini, kimoun ki pral siviv?...moun ki aprann volonte Jewova e fè li” (“Tout soufrans byento pral fini!,” Watch Tower Bible ak Tract Society nan Pennsilvani, 2005, p. 6). Ensi, Temwen Jewova yo anseye ke pou antre nan Wayòm lan se “aprann” verite Bondye a “e fè l.” Se yon gwo erè. Se erè sali a pa zèv yo – sali pa “aprantisaj” kèk bagay epi “fè” l! Etranjman, ere Temwen Jewova yo se toutafè sanble a sa Katolik Women yo, yo pale kont sa souven. Katolik yo ak Temwen Jewova yo toulede anseye sali pa zèv yo, sali pa aprantisaj e fè!

Men Bib la li menm anseye sali pa pa gras, non pa aprantisaj ak fè; non pa efò imen, men pa gras sèlman.

“Se paske Li renmen nou ki fè Li delivre nou, nou menm ki mete konfyans noun an Li. Sa pa sòti nan nou menm menm, se yon kado Bondye ban nou. Non, nou pa fè anyen pou sa. Konsa, pèsòn pa ka vante tèt yo” (Efezyen 2:8-9).

John Newton te di,

Amazing grace! Ala son an dous
   Sa te sove yon mizerab tankou m!
Mwen te pèdi, men kounye a yo jwenn mwen;
   Mwen te avèg, men kounye a mwen wè.

’Se gras la ki te aprann mwen gen krent,
   E ke lapèrèz mwen te soulaje;
Ala presye gras sa a li parèt
   Le sa a mwen te premye kwè!
(“Amazing Grace” pa John Newton, 1725-1807).

Se pou Bondye ba ou favè

“Mete konfyans ou nan Senyè JeziKri, epi w a delivre, ou menm ansanm ak tout fanmi ou” (Travay 16:31).


LÈ OU EKRI DR. HYMERS OU DWE DI LI NAN KI PEYI W AP EKRI OSWA LI PA KA REPONN IMEL OU A. SI MESAJ SA YO BENI OU VOYE YON IMEL BAY Dr. Hymers. Imel Dr. Hymers se: rlhymersjr@sbcglobal.net (klike isi). Ou ka ekri Dr. Hymers in nenpòt lang, men ekri an anglè si ou kapab. Si ou vle ekri Dr. Hymers pa lapòs, adrès li se P.O. Box 15308, Los Angeles, CA 90015. Ou ka telefone l nan (818)352-0452.

(FEN MESAJ LA)
Ou ka li mesaj Doktè Hymers yo chak semèn sou entènèt la
nan www.sermonsfortheworld.com.
Klike sou “Mesaj an Kreyòl.”

Maniskri mesaj sa yo pa pwoteje pa dwadotè. Ou ka itilize yo san pèmisyon Dr. Hymers.
Sepandan, tout videyo mesaj Dr. Hymers yo, ak tout lòt mesaj yo sou videyo nan legliz nou
an, yo pwoteje pa dwadotè e yo kapab itilize sèlman ak pèmisyon.

Solo te chante anvan Mesaj la pa Mesye Jack Ngann:
“L ap Vini Ankò” (pa Mabel Johnston Camp, 1871-1937).


CHEMA DE

KIJAN KRIS LA PRAL ETABLI WAYÒM TÈRÈS LI A

HOW CHRIST WILL SET UP HIS EARTHLY KINGDOM

pa Doktè R. L. Hymers, Jr.

“Lè sa a la desann kanpe sou mon pye oliv yo, ki anfas lavil Jerizalèm, sou bò solèy leve. Mòn lan va fann de bò nèt ale, l a fè yon fon nan mitan ki soti bò solèy leve desann bò solèy kouche: mwatye nan mòn lan va fè bò nò, lòt mwatye a va fè bò sid. N a lonje fon nan pou nou kouri chape kò nou jouk n a rive lòt bò mòn Atsèl. N a kouri met deyò menm jan zansèt nou yo te fè l la lè tranblemanntè a te pase sou reny Ozyas, wa peyi Jida a. Senyè a, Bondye nou an, va vini, l ap mennen tout moun pa l yo avè l… Lè sa a, se Senyè a ki pral sèl wa sou tout latè. Lè sa a, se li ki pral sèl Bondye pou tout moun. Se li menm ase tout moun ap konnen” (Zakari 14:4-5, 9).

I.    Premyèman, Kris la pral retounen sou Mòn Oliv yo,
Zakari 14:3-4; Travay 1:9-12.

II.   Dezyèmman, Kris la pral retounen avèk tout sen Li yo, Zakari 14:5;
Jid 14; Revelasyon 19:14.

III.  Twazyèmman, Kris la pral retounen pou etabli Wayòm tèrès Li,
Zakari 14:9; Matye 6:10: Revelasyon 20:4-6;
Efezyen 2:8-9; Travay 16:31.