Print Sermon

Objektif sitwèb sa a se founi maniskri mesaj gratis ak videyo mesaj yo bay pastè yo ak misyonè yo atravè mond lan, espesyalman nan peyi soudevlope yo, kote ki pa gen kèk seminè teyolojik oswa lekòl Biblik.

Maniskri mesaj sa yo ak videyo yo ale kounye a nan anviwon 1,500,000 òdinatè nan plis pase 215 peyi chak ane nan www.sermonsfortheworld.com Dè santèn lòt moun gade videyo yo sou YouTube, men byento yo kite YouTube epi vini sou sit entènèt nou an.YouTube alimante moun yo nan sit entènèt nou an. Maniskri mesaj yo difize nan 46 lang a anviwon 120,000 òdinatè chak mwa. Maniskri mesaj yo pa gen dwadotè, konsa predikatè yo ka itilize yo san pèmisyon nou. Tanpri klike isit la pou aprann kijan ou ka fè yon don chak mwa pou ede nou nan gwo travay sa a pou preche Levanjil la nan lemonn antye.

Chak fwa ou ekri Doktè Hymers, toujou di l nan ki peyi ou rete, oswa li pa ka reponn ou. Imel Doktè Hymers se: rlhymersjr@sbcglobal.net.




SEKRÈ SIKSÈ A NAN PEYI LACHIN

(YON MESAJ KI TE BAY NAN FESTIVAL CHINWA A NAN MI-OTÒN LAN)
THE SECRET OF SUCCESS IN CHINA
(A SERMON GIVEN AT THE CHINESE MID-AUTUMN FESTIVAL)
(Creole)

pa Doktè R. L. Hymers, Jr.

Yon mesaj ki te preche nan Batis Tabènak Los Angeles la
Jou Aswè Senyè a, 30 Septanm 2018
A sermon preached at the Baptist Tabernacle of Los Angeles
Lord's Day Evening, September 30, 2018

“Mwen konnen jan w ap soufri, mwen konnen jan ou pòv, (men ou rich)…” (Revelasyon 2:9).


Yon Biyograf de paste patriyach Kretyen Chinwa a Mingdao te di,

Kèlkeswa ki politik gouvènman Chinwa a ap pouswiv, legliz la nan peyi Lachin pral trè pwofondman afekte fòm Kris la atravè lemond pou jenerasyon k ap vini yo. Avèk [anviwon] swasanndis milyon nanm [kounye a 160 milyon] epi yon to kwasans de 7 pousan anyèlman, kantite Kretyen yo nan Lachin limite kantite Kretyen yo nan pifò nasyon sou tè a. Tankou Kretyen nan tout mond devlope a, Kretyen Chinwa yo reprezante avangad [ran devan] nan legliz nan venteyinyèm syèk la (Toma Alan Harvey, Abitye Ak Dèy, Près Brazos, 2002, p. 159).

David Aikman, nan liv li a Jezi nan Beijing, te di,

Li vo lapèn pou konsidere posiblite a ki pa jis nimerik, men sant Krisyanism lan ka deplase de fason desizif an Ewòp ak Amerik Di Nò kòm Krisyanizasyon an nan Lachin kontinye epi kòm Lachin vin yon gwo pouvwa global… Pwosesis la te deja te kòmanse nan esperans yo ak travay lidè legliz nan kay yo nan Lachin (David Aikman, Jezi nan Beijing, Piblikasyon Regnery, 2003, pp. 291, 292).

Deskripsyon imaj Kris la de legliz Smirn lan sa k ap pase nan “legliz nan kay la” mouvman nan Lachin jodi a,

“Mwen konnen jan w ap soufri, mwen konnen jan ou pòv, (men ou rich)…”
      (Revelasyon 2:9).

Konsènan legliz nan Smirn lan, Doktè. Jak O. Combs te di,

Smirn, Nan Nò Efèz, yon kongregayon ki te paralyze pa Polycarp pou dè dekad epi ki te mouri kòm yon martir nan 155 AD nan 90 zan li… yo te andire anpil soufrans ak konfiskasyon nan machandiz mond lan, men yo te espirityèlman rich (Jak O. Combs, D.Min., Litt.D., Akansyèl Nan Revelasyon, Tribune Publishers, 1994, p. 33).

Tankou legliz la nan Smirn, Kretyen fidèl yo nan legliz nan kay yo nan Lachin soufri gwo pèsekisyon “tribilasyon” men yo espirityèlman si “rich” ke evanjelism yo a pwodui yon to kwasans de “7 pousan anyèlman” (Thomas Alan Harvey, ibid.). Se konsa, kantite Kretyen nan peyi Lachin deja “limite kantite Kretyen nan pifò nasyon sou tè a. Mwen pans eke majorite nan plis pase 160 milyon Kretyen nan Lachin yo se konvèti, epi ke gen deja plis vrè Kretyen nan Lachin pasenan Etazini.a stipefyan! Nou ta dwe mande nou menm, “Ki rezon pou siksè yo? Ki sekrè evanjelizasyon yo a?” Poukisa yo ka di otan,

“Mwen konnen jan w ap soufri, mwen konnen jan ou pòv, (men ou rich)…”
      (Revelasyon 2:9).

Lè nou konsidere lefèt ke Krisyanism evanjelik la pa devlope ditou nan Amerik la, ak lefèt ke anpil yo menm ki di ke Krisyanism evanjelik la isi a ap mouri, noun an Amerik yo ta dwe panse pwofondman sou sa yo pa genyen ke sa nou genyen, ak sa yo genyen ke nou pa genyen.

+ + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + +

MESAJ NOU YO DISPONIB NAN TELEFÒN SELILÈ OU A KOUNYE A.
ALE NAN WWW.SERMONSFORTHEWORLD.COM.
KLIKE SOU NOUVO BOUTON VÈT LA AK MO “APLIKASYON” SOU LI A.
SWIV ENSTRIKSYON YO K AP VINI AN.

+ + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + + +

I. Premyèman, kisa yo genyen ke nou pa genyen.

Yo pa gen legliz an batiman! Se sèlman legliz “Three-Self” yo ki gen bilding. Men, “legliz nan kay yo” se yo menm ki ap grandi, epi yo gen kèk bilding. Vas majorite nan yo pa gen legliz an batiman tankou nou fè!

Yo pa gen apwobasyon gouvènman an.Yo toujou pèsekite gouvènman an nan Lachin. Yo kontinye pèsekite pa gouvènman Lachin lan. Yo pa gen libète relijyon tankou nou fè!

Yo pa gen seminè pou anseye pastè yo tankou nou fè. Sèl fòmasyon pastè yo genyen nan Lachin se nan kay yon moun – epi li trè kout e pa trè konplè. Yo jwenn ti fòmasyon ke yo kapab “nan sove.”

Yo pa gen batiman lekòl Dominikal. Yo pa gen otobis pou “ministè otobis.” Yo pa ben “TV Kretyèn.” Yo pa gen “Radyo Kretyèn.” Yo pa gen kay piblikasyon Kretyèn.Yo pa gen ekipman pou “Power Points.” Yo pa gen pwojektè TV pou montre predikatè a sou yon gwo ekran.Yo pa gen “Gwoup mizik Kretyen.” Yo pa gen ògan, epi an jeneral yo pa menm gen pyano. Yo pa materyèl enprime pou lekòl Dominikal. Yo souvan pa menm gen Bib pou tout moun, oswa kantik yo. Non, yo pa genyen sa nou genyen! Olye de sa, yo sibi pèsekisyon ak tribilasyon nan men gouvènman an. Yo pafwa gen pou yo ale nan prizon pou senpleman pou vin Kretyen. Gen toujou menas de sa pou nenpòt moun ki vin Kretyen serye! Ale nan: www.persecution.com pou li sou pèsekisyon Kretyen yo an Chin. Epoutan, Kretyen yon an Lachin reyisi sovajman ganye nanm pèdi yo. Kantite Kretyen eksploze nan tout Lachin, nan pi gwo revèy nan istwa modèn lan!

“Mwen konnen jan w ap soufri, mwen konnen jan ou pòv, , (men ou rich)…”
     (Revelasyon 2:9).

Mwen pè ke anpil nan legliz nan Amerik la mye dekri pa sa Jezi te di a legliz Lawodise a,

“W ap plede di: Mwen rich, zafè m ap mache byen. Mwen pa manke anyen. Podyab! Konnen ou pa konnen jan ou malere, jan ou nan gwo nesesite, jan ou pòv, toutoni ak tou de je ou yo pete!” (Revelasyon 3:17).

II. Dezyèmman, kisa yo genyen ke nou pa genyen.

Men sa yo genyen ke nou pa genyen. E se la ke sekrè siksè yo chita – ak rezon pou echèk nou!

Yo gen soufrans – e aprann tou pote kwa a! Pifò Kretyen Ameriken yo pa vle soufri pèt nan yon sware yon semèn pou ale nan reyinyon lapriyè. Pifò Kreyen Ameriken yo pa vle soufri pèt la nan yon sware yon semèn pou ale ganye nanm. Pifò Kretyen Ameriken yo pa vle pèdi konfò a nan yon Dimanch swa pou nan legliz la! Anpil pastè nan Amerik bezwen pèdi pwa. Nou bezwen soufri pèt de kèk kalori. Men an Chin predikatè yo mens. Se poutèt sa yo ka preche avèk vigè epi pwisans. Nou bezwen pèdi pwa, oswa nou pa kapab preche avèk vigè. An Chin yo gen gason ki pi mens ki ranpli ak Sentespri a lè yo preche. Mwen pa janm wè yon predikatè “legliz nan kay ” Chinwa ki twò gwo. Pa etonan moun an Chin gen gwo revèy, pandan Kretyennte a ap seche epi efase isi nan Amerik, epi atravè mond Oksidantal! Li pran yon sèten kantite soufrans pou fè egzèsis. Li pran soufrans lan pou fè egzèsis epi manje mwens jiskaske ou pèdi pwa! Li pran soufrans la pou vin kalite moun Bondye vle pou ou ye a! Gwo Evanjelis Chinwa a Doktè John Sung te di,

Gwo soufrans antrene yon gran revèy…Bondye jwenn pi gwo itilizasyon pou moun…ki onore nan anviwònman ki pi difisil yo…Plis soufrans pote plis benefis…lavi disip yo tankou lwil oliv: plis nou prese, plis lwil ap sòti anndan. Se sèlman moun ki te travèse soufrans lan ka montre [lanmou] ak konsolasyon a lòt moun (Jan Sung, Ph.D., Jounal Yon Fwa Pèdi, Liv Jenèz, 2008, p. 534).

Jezi te di,

“Si yon moun vle mache dèyè m, se pou li bliye tèt li. Se pou li chaje kwa l sou zèpòl li, epi swiv mwen” (Matye 16:24).

Ankò, Jezi te di,

“Mwen konnen jan w ap soufri, mwen konnen jan ou pòv, (men ou rich)…”
     (Revelasyon 2:9).

Yo gen soufrans nan peyi Lachin! Pakonekan, yo gen riches nan benediksyon Bondye a nan revèy! Se pou isit la nan legliz nou an nou bliye tèt nou, epi pran kwa nou yo pou swiv Kris la – kèlkeswa sa li te koute!

Dezyèmman, yo gen dlo nan je yo lè yo priye pou pèdi! Yon frè, ki konnen, te di mwen: “Gen anpil dlo nan je nan peyi Lachin.” Li egzakteman gen rezon!Yo kriyelèyo priye pou pèdi a. Se pa etonan gen anpil konvèsyon a Kris la! Bib la di,

“Moun ki simen ak dlo nan je ap rekòlte ak kè kontan” (Sòm 126:5).

Priye ke Bondye ba ou yon kè brize pou nanm pèdi yo! (tout lapriyè).

Twazyèmman, yo fè tou nan pouvwa yo pou yo pote nanm pèdi yo nan “legliz lakay yo.” D. L. Moody te di, “Renmen yo.” Se fason sa a yo ke yo entwodui moun nan legliz nan kay an Chin – e se sa nou dwe fè! “Renmen yo.” Ganye nanm se anvan tout renmen moun yo pou Kris – ak pou legliz lokal la. “Renmen yo.” Se pa liberalism! Se pa yon “estil-lavi” evanjelizasyon! Se D. L. Moody! Mwen panse ke li te egzakteman gen rezon. Li mache an Chin – epi li pral mache isit la! “Renmen yo.”

Si nou kouri lwen sèvis yo nou pa pral genyen nanm. Se sèlman moun ki retade ka genyen nanm. Se sèlman moun ki zanmitay a pèdi a anvan e aprè sèjvis yo ka ganye nanm. Pa gen okenn lòt fason pou ajoute nanm ki pèdi nan yon legliz! Nou dwe “renmen”– tankou yo fè an Chin! Chante “Fè Mwen yon Kanal de Benediksyon”! Se nimewo 4 sou fèy chan ou an.

Fè m yon kanal benediksyon jodi a,
   Fè m yon kanal benediksyon jodi a, Mwen priye;
Lavi mwen genyen, benediksyon sèvis mwen,
   Fè m yon kanal benediksyon jodi a.
(“Fè m yon Kanal Benediksyon” pa Harper G. Smyth, 1873-1945).

Mwen pa dwe fèmen sèvis sa a san yo pa di kèk mo ki poko konvèti. Vini legliz la pa vle di ke ou konvèti. Etidye Bib la p ap konvèti ou. Ou dwe repanti nan peche ou yo. Ou dwe tounen a Jezi Kris e vin jwenn li. Li te mouri nan agoni ak san sou kwa a pou sove nanm ou. Ou dwe lave nan peche ou yo pa san Li. Vin jwenn Jezi e ou dwe sove nan peche, de lanmò ak lanfè. Se pou sa se eksperyans ou, se lapriyè mwen. Amèn.


LÈ OU EKRI DR. HYMERS OU DWE DI LI NAN KI PEYI W AP EKRI OSWA LI PA KA REPONN IMEL OU A. SI MESAJ SA YO BENI OU VOYE YON IMEL BAY Dr. Hymers. Imel Dr. Hymers se: rlhymersjr@sbcglobal.net (klike isi). Ou ka ekri Dr. Hymers in nenpòt lang, men ekri an anglè si ou kapab. Si ou vle ekri Dr. Hymers pa lapòs, adrès li se P.O. Box 15308, Los Angeles, CA 90015. Ou ka telefone l nan (818)352-0452.

(FEN MESAJ LA)
Ou ka li mesaj Doktè Hymers yo chak semèn sou entènèt la
nan www.sermonsfortheworld.com.
Klike sou “Mesaj an Kreyòl.”

Maniskri mesaj sa yo pa pwoteje pa dwadotè. Ou ka itilize yo san pèmisyon Dr. Hymers.
Sepandan, tout videyo mesaj Dr. Hymers yo, ak tout lòt mesaj yo sou videyo nan legliz nou
an, yo pwoteje pa dwadotè e yo kapab itilize sèlman ak pèmisyon.

Solo Te Chante Anvan Mesaj la pa Mesye Benjamin Kincaid Griffith:
“Jezi Renmen Mwen” (pa Anna B. Warner, 1820-1915).


CHEMA DE

SEKRÈ SIKSÈ A NAN PEYI LACHIN

THE SECRET OF SUCCESS IN CHINA

pa Doktè R. L. Hymers, Jr.

“Mwen konnen jan w ap soufri, mwen konnen jan ou pòv, (men ou rich)…” (Revelasyon 2:9).

I.   Premyèman, kisa yo pa genyen ke nou genyen, Revelasyon 3:17.

II.  Dezyèmman, kisa yo genyen ke nou pa genyen,
Matye 16:24; Sòm 126:5.