Print Sermon

Objektif sitwèb sa a se founi maniskri mesaj gratis ak videyo mesaj yo bay pastè yo ak misyonè yo atravè mond lan, espesyalman nan peyi soudevlope yo, kote ki pa gen kèk seminè teyolojik oswa lekòl Biblik.

Maniskri mesaj sa yo ak videyo yo ale kounye a nan anviwon 1,500,000 òdinatè nan plis pase 221 peyi chak ane nan www.sermonsfortheworld.com. Dè santèn lòt moun gade videyo yo sou YouTube, men byento yo kite YouTube e pi vini sou sit entènèt nou an. YouTube alimante moun yo nan sit entènèt nou an. Maniskri mesaj yo difize nan 40 lang a anviwon 120,000 òdinatè chak mwa. Maniskri mesaj yo pa gen dwadotè, konsa predikatè yo ka itilize yo san pèmisyon nou. Tanpri klike isit la pou aprann kijan ou ka fè yon don chak mwa pou ede nou nan gwo travay sa a pou simaye Levanjil la nan lemonn antye, ki gen ladan Mizilman yo ak nasyon Endou yo.

Chak fwa ou ekri Doktè Hymers, toujou di l nan ki peyi ou rete, oswa li pa ka reponn ou. Imel Doktè Hymers se: rlhymersjr@sbcglobal.net.




KONVÈSYON REYÈL DE DOKTÈ JAN SUNG

(YON MESAJ KI TE BAY NAN FESTIVAL MI-OTÒN LAN)
THE REAL CONVERSION OF DR. JOHN SUNG
(A SERMON GIVEN AT THE CHINESE MID-AUTUMN FESTIVAL)

pa Doktè R. L. Hymers, Jr.

Yon mesaj ki te preche nan Tabènak Batis Los Angeles
Jou Maten Senyè a, 23 Septanm 2018
A sermon preached at the Baptist Tabernacle of Los Angeles
Lord’s Day Morning, September 23, 2018

“Kisa sa ta sèvi yon nonm, si l genyen lemond antye, epi li pèdi nanm li?” (Mak 8:36).


4 Jen 2018 te make anivèwè venteyinyèm “Masak Tiananmen Square a.” Pandan sis semèn an 1989, dè milye etidyan chinwa te manifeste pasifikman demontre, rele pou libète panse. Alo, nan premye lè yo 4 Jen, lame gouvènmantal la te louvri dife sou manifestan yo san zam, touye dè milye epi kite de milye plis blese. Hong Yujian te gade vyolans nan Beijing nan televizyon lè li te yon etidyan patisipan a yon echanj nan Inivèsite Pennsilvani. Li te deklare ke masak nan plas Tiannanmen te mete l an dout de espwa li nan syans ak nan politik e te kondui l pou vin Kretyen.

Li di masak la nan Tiananmen te ede l ak lòt moun yo wè pwòp peche yo ak bezwen pou Kris la: “Mwen panse ke Bondye te itilize li pou louvri chemen an epi prepare kè pèp Chinwa a” (World Magazine, Jen 6, 2009, p. 38).

“Tout Pou Jezi.” Chante refren an!

Tout pou Jezi! Tout pou Jezi! Tout jou mwen y oak tout lè mwen yo;
Tout pou Jezi! Tout pou Jezi! Tout jou mwen yo ak tout lè mwen yo.
   (“Tout Pou Jezi” pa Mary D. James, 1810-1883).

World Magazin te di,

To kwasans Krisyanism lan an Chin te eksploze pandan 20 dènye ane yo. Ekspè yo site ibanizasyon rapid la ak yon nonb kwasan de pansè enfliyan anbrase Kris la (ibid.).

An 1949, lè kominis yo te pran kontwòl Lachin, te gen mwens de yon milyon Kretyen natif natal Chinwa, te gen mwens pase 1 milyon Kretyen natif Chinwa. Jodi a gen plis pase 160 milyon Kretyen nan Lachin! Gen kounye a plis Kretyen nan legliz lè Dimanch nan Lachin pase nan Amerik, Kanada, Grann Bretay ak Ostrali konbine! Dr. C. L. Cagan, yon statistisyen, estime ke gen kounye a plis pase 700 konvèsyon nan Krisyanis chak èdtan, 24 èdtan, nan Lachin. “Tout pou Jezi.”Chante refren sa a ankò!

Tout pou Jezi! Tout pou Jezi! Tout jou mwen yo ak tout lè mwen yo;
Tout pou Jezi! Tout pou Jezi! Tout jou mwen yo ak tout lè mwen yo.

Istwa Krisyanism lan nan peyi Lachin ta dwe enterese tout Kretyen atravè mond lan. Mouvman misyonè modèn lan nan Lachin te kòmanse avek Robert Morrison (1782-1834). Yo te voye Morrison nan peyi Lachin pa Sosyete Misyonè Lond lan an 1807. Li te ede pa kòlèg li, William Milne, li te tradui Bib la an antye an Chinwa an 1821. Pandan 27 ane li nan peyi Lachin sèlman kèk Chinwa te – ankò tout pami yo te rete Kretye fidèl. Tradiksyon Chinwa de Morrison nan Bib la, epi li te enprime literati levanjil la, li te devni fondasyon Kretyènte evanjelik nan peyi Lachin.

An 1853 yon doktè medikal, James Hudson Taylor, te navige pou Lachin. An 1860 li te fonde Misyon Enteryè Lachin, kounye a rekonèt kòm Asosyasyon Misyonè Etranje (aletranje). Asosye Doktè Taylor evantyeman te simaye Krisyanism lan nenpòt kote nan enteryè Lachin. Hudson Taylor te mouri an Changsha an 1905.

Jan Sung te fèt an 1901. Li te rekonèt kòm pi gwo evanjelis nan istwa Lachin. Dè milye nan moun ki te konvèti sou predikasyon li te rete fidèl a Kris la aprè Kominis yo te reprann an 1949. Nan dènye ane 60 yo nonb Kretyen yo nan Lachin te eksploze nan pi gwo revèy Krisyanism istwa modèn lan. Maten sa a mwen pral di ou istwa remakab de Doktè Jan Sung. Mwen pral kòmanse pa bay yon apèsi de lavi li de Doktè Elgin S. Moyer.

Jan Sung (1901-1944), evanjelis Chinwa selèb nasyonalman; li te fèt nan Hinghwa, Fukien, Lachin; pitit gason yon pastè metodis. [Li te gen yon fo “konvèsyon” anviwon nan laj 9 an.] Etidyan briyan; li te etidye nan Inivèsite Wesleyèn, Eta Ohio, ak Seminè Teyolojik Inyon. Li te resevwa Doktora l . Li te retounen an Chin pou preche Levanjil la pase lasyans. Li te pase kenzan nan preche atrave Lachin ak peyi ki antroure Kimoun ki l yo avèk pouvwa inik ak enflyans (Elgin S. Moyer, Ph.D., Kimoun ki te kimoun nan Istwa Legliz Moody Press, 1968 edisyon, p. 394).

“Tout Pou Jezi.” Chante l ankò!

Tout pou Jezi! Tout pou Jezi! Tout jou mwen yo ak tout lè mwen yo;
Tout pou Jezi! Tout pou Jezi! Tout jou mwen yo ak tout lè mwen yo.

Sa a se te yon trase kout de lavi Doktè Jan Sung. Mwen pa t kwè li te konvèti nan laj 9 an. Mwen pa t kwè li te konvèti jis an Fevriye 1927.

Doktè Sung li menm pa t konvèti jis li pa t kapab siviv yon kriz espirityèl nan Amerik la nan laj 26 zan. Lè lit e gen 9 an yon revèy te fèt nan said Hinghwa. Nan yon mwa la te gen apeprè 3,000 pwofesyon lafwa nan Kris la. Nan vandredi Pak li te tande yon mesaj sou “Jezi nan Jaden Jetsemani an.” Predikatè a te opoze Disip ki t ap dòmi yo avèk enpwisans Jezi. Anpil moun te kriye ak lapenn nan fen mesaj la. Pami moun k ap ki ap kriye chagren yo se te Jan Sung, pitit gason 9 an de yon predikatè Metodis Chinwa. Li te sanble ke Jan Sung “te dedye” lavil a Kris men li pa t vrèman konvèti nan tan sa a. Tankou ansyen paste mwen an nan legliz batis Chinwaz la, Doktè Timote Lin (ki gen papa l tou ki se te yon predikatè tou), Jan Sung te kòmanse preche epi ede papa l nan laj trèzan. Men, tou tankou Doktè Lin, li pot ko fè eksperyans yon konvèsyon reyèl. Jan Sung te yon etidyan debouya epi li te fini ak lekòl segondè nan tèt klas li a. Pandan tan sa a li te vin rekonèt kòm“ti pastè.” Men malgre tout zèl li ak aktivite kè li pa t konplètman satisfè. Travay li t ap fèe nan ministè a li te dekri kòm “espektakilè tankou ble yon plim maten pechè, abondan kòm feyaj ete, men san keyi yon sèl fwi fre pou ofri Senyè Jezi” (Leslie T. Lyall, Yon Biyografi Jan Sung, Misyon Enteryè nan peyi Lachin, 1965 edisyon, p. 15).

An 1919 Sung, nan laj 18, te deside ale an Amerik, epi li te aksepte nan Inivèsite Wesleyèn Ohio ak yon eskolarite gratis. Li te kòmanse yon program pre-medikal ak pre-teyolojik,men li te abandone kou pre-teyolojik yo epi li te deside espesyalize nan matematik ak chimi. Li te ale regilyèman legliz epi li te òganize gwoup evanjelizasyon pami etidyan yo. Men pandan premye manda li a, li te kòmanse neglije etid Bib li ak lapriyè, epi li te triche sou youn nan eprèv egzamen lapriyè li yo. Li te gradye an 1923 avèk distenksyon, kòm youn nan kat etidyan yo nan tèt yon klas de twa san elèv. Li te resevwa meday lò a ak pri an lajan pou fizik ak chimi. Li te eli nan fratènite Phi Beta Kappa a, yon sosyete ekskliziv de pi gwo savan yo, epi li te resevwa yon kle an lò, yon badj de gran distenksyon nan domèn bousdetid.

Yo te ofri l kounye a yon bousdetid nan anpil inivèsite, ki gen ladan Inivèsite Harvard. Li te aksepte yon bousdetid pou yon Metriz nan degre syans nan Inivèsite Eta Ohio. Li te fini degre sa a nan sèlman 9 mwa! Answit yo te ofri l yon bousdetid pou etidye medsin nan Harvard. Yo te ba li lòt òf pou etidye nan yon semine. Li te santi li ta dwe etidye teyoloji,men repitasyon an ki te vin jwenn li an te toufe dezi li pou vin yon minis. Olye li te antre nan yon pwogram doktora nan chimi nan Inivèsite Eta Ohio a. Li te konplete Doktora li a nan jis trenteyen mwa! Answit li te vin premye Chinwa pou genyen yon Doktora Ozetazini. Li te dekri nan jounal yo kòm “etidyan ki pi selèb nan Ohio.” “Men pwofon nan kè li pa t gen lapè. Yon sitiyasyon espirityèl k ap grandi te montre li menm nan peryòd yo de depresyon pwofon” (Lyall, ibid., p. 22).

Padan tan sa a li te vin anba enflyans teyoloji liberal la, ak ansèyman yo de “levanjil sosyal la.” Teyoloji liberal anseye ke Jezi se te yon egzanp nòb, men pa Sovè a. Li sanble ke Jan Sung pa t panse a Jezi sèlman tankou yon “egzanp nòb” lè li te gen 9 an, epi pou rezon sa a li te gen yon fo konvèsyon nan epòk la. Men Bondye te toujou rele l. Yon swa, pandan li te chita poukont li li te sanble tande vwa Bondye a di li, “Kisa sa pral sèvi yon nonm, si l pral genyen lemond antye, epi li pèdi nanm li?”

Nan demen li te gen yon konvèsasyon avèk yon pwofesè Metodis liberal. Li te di pwofesè a ke li te orijinèlman sòti nan Amerik pou etidye teyoloji. Pwofesè a te defyel pou ale Nouyòk pou etidye relijyon nan Seminè Teyolojik Inyon, yon teyoloji ekstrèmman liberal. Aprè yon moman ezitasyon, li te deside ale. Nan Seminè Inyon an, li te resevwa yon bous etid konplè ak yon alokasyon jenerez de sibzistans. Pita, li te deklare ke li pa t enterese pa ministè a, men ke li te swete sèlman etidye teyoloji pandan yon lane pou satisfè papa l, answit reprann yon karyè sayntifik. Ke li te ranpli twoub ak fènwa.

Nan otòn 1926 Doktè Jan Sung te enskri nan seminè teyolojik Inyon an. Trè liberal Doktè Henry Sloane Coffin te jis enstale kòm prezidan. Pami pwofesè yo ou jwenn liberal yo si di pase Harry Emerson Fosdick, otè de plizyè ouvraj kont Krisyanism lan ki kwè nan Bib la. Li te ekri tankou: “Itilizasyon Modèn Bib la” ak “Virilite Mèt la.” Konferans pi selèb Fosdick se te “Èske Fondamantalis yo pral genyen?” (1922). Fosdick te preche kont rezireksyon kò Kris la ak verasite nan Bib la chak semèn nan pwogram radyo li a. Seminè a te yon fwaye kritik de Bib la ak reje teyoloji evanjelik la.“Tout sa ki nan Bib la ki pa t ka jistifye syantifikman te rejte kòm endiy de konviksyon! Jenèz la te konsidere kòm non istorik ak kwayans nan mirak non syantifik yo. Jezi istorik la te prezante kòm yon ideyal pou imite, tandiske valè sibstitisyon lanmò li sou kwa a ak rezireksyon fizik li te nye. Lapriyè te konsidere kòm yon pet de tan. [An dezakò ak] ide sa yo, sa te tounen yon objè pitye oswa derizyon” (Lyall, ibid., pp. 29-30).

Doktè Sung te plonje nan etid li nan teyoloji liberal ak tout pouvwa ki nan entèlijans li yo. Pandan ane sa a li te fè nòt wo, men li te detounen de Krisyanism la pou etidye boudism ak taoyism. Li te kòmanse resite Ekriti boudis yo nan solitid nan chanm li, espere ke renonsman a li menm te pote l lapè, men se pa t ka a. Li te ekri:“Nanm mwen te kouri ale nan yon dezè a.”

Lavi li te vin entolerab. Li te ekri, “Mwen pa t ka ni dòmi ni manje… ke mwen te ranpli ak male pi pwofon.” Ofisyèl yo nan Seminè a te note ke li te nan yon eta de depresyon kontinyèl.

Doktè Sung te plonje nan etid li nan teyoloji liberal ak tout pouvwa ki nan entèlijans li. Li te nan eta emosyonèl sa a ke l te akonpanye avèk lòt etidyan yo, Doktè I. M. Haldeman, fondamantalis kwayan nan Bib la epi paste nan premyè egliz batis Nouyòk la. Doktè Haldeman te selèb pou deklare: “Moun kin ye nesans vyèj la nye Kretyènte Bib la.” Doktè Haldeman ten an yon konfli dirèk avèk Harry Emerson Fosdick ak Seminè Inyon Teyolojik la. Jan Sung te ale pou tande l ap preche nan nwit sa a. Olye de sa yon ti fi kenz zan te bay temwayaj li. Li te li Ekriti yo epi te pale de lanmò sibstititif Krisla sou Lakwa a. Sung te di li ta santi prezans Bondye nan sèvis la. Konpanyon Li yo nan Seminè a te moke epi te ri, men li menm te retounen pou kat lòt sware konsekitiv nan sèvis evanjelizasyon an“Tout Pou Jezi.” Chante l ankò.

Tout pou Jezi! Tout pou Jezi! Tout jou mwen yo ak tout lè mwen yo;
Tout pou Jezi! Tout pou Jezi! Tout jou mwen yo ak tout lè mwen yo.

Li te kòmanse li biyografi Kretyen gason tankou Jan Wesley, Jòj Whitefield ak lòt gwo predikatè yo, pou dekouvri pouvwa li te santi nan reyinyon evanjelis la nan Premye Legliz Batis la. Pandan yon klas nan Seminè a yon konferansye te pale fòtman kont lanmò sibstitif Kris la sou kwa a. Jan Sung te leve nan fen konferans lane pi li te reponn devan kò etidyan yo etone.

Finalman, 10 Fevriye 1927, li te gen yon konvèsyon reyèl. “Li te wè tout peche yon an lavi l gaye devan l. Nan kòmansman an, li te sanble ke li pa t gen okenn mwayen pou debarase de peche yo e ke l te dwe ale nan Lanfè. Li te eseye bliye peche li yo, men li pa t kapab. Yo te pèse kè l. Answit li te tounen nan istwa Lakwa a nan Lik xxiii, e amezi ke li te li istwa a te vin vivan… li te sanble nan pye Lakwa a epi te enplore pou lave nan tout peche li yon an San [Kris la] …Li te kontinye ap kriye epi priye jiska minwi. Answit li [te sanble tande] yon vwa ki di, ‘Pitit mwen, peche ou yo padone,’ e tout fado peche l te sanble tonbe imedyatman sou zèpòl li yo… li te soti pye li yo avèk yon kri ‘Alelouya!’” (Lyall, ibid., pp. 33-34). Li te kouri ap kriye epi louwe Bondye nan koulwa dòtwa yo. Li te kounye a kòmanse pale ak tout pou bezwen yo de Kris la, ki gen ladan l kamarad klas ou yo ak pwofesè nan seminè yo. Li te menm di a Harry Emerson Fosdick ke li te bezwen sove. “Tout Pou Jezi.” Chante l ankò!

Tout pou Jezi! Tout pou Jezi! Tout jou mwen yo ak tout lè mwen yo;
Tout pou Jezi! Tout pou Jezi! Tout jou mwen yo ak tout lè mwen yo.

Prezidan Seminè a te panse li te pèdi lespri li akòz ekstrèm efò eskolè yo, e li te angaje li nan pawas psikopatik la nan yon azi moun fou. Li te pase sis mwa nan prizon nan azil la. Yo te fè l mete yon kamizòl ak fòs. Pandan tan sa a li li Bib la depi nan kòmansman an jiska nan fen an karant fwa.“Lopital psikyatri a te vin tounen kolèj teyolojik Jan Sung!” (Lyall, p. 38). Li te finalman relache sou kondisyon ke li ta retounen Lachin – epi pa retounen nan Amerik la. Jan Sung koupe koneksyon li ak Seminè Inyon an lè li boule liv liberal teyolojik li yo, rele yo,“liv move lespri yo.”

Sou vwayaj li tounen nan peyi Lachin li te konnen ke li te kapab fasilman jwenn yon pozisyon kòm yon pwofesè nan Chimi nan kèk inivèsite Chinwa.. “Yon jou, menm jan veso a toupre nan fen vwayaj li a. Jan Sung te desann nan kabin li, li te retire nan malèt li, meday li yo ak kle fratènite l yo epi l te jete yo [nan lanmè a ]. Tout eksepte diplòm doktè li a, ke li te kenbe yo pou satisfè papa l” (Lyall, p. 40).

Doktè Jan Sung te desann nan bato a nan Shanghai an otòn 1927, pou devni evanjelis pi selèb nan istwa Chinwaz la. Yo rele l souvan “Wesley Lachin lan.” Jan Sung te vin yon predikatè ekstrèm pwisan nan Levanjil la. Plis pase 100,000 moun te konvèti nan Lachin anba predikasyon l nan sèlman twa lane! Li te preche tou nan Burma, Kanmbòdj, Sengapou, Kore, Endonezi ak nan Filipin. Li te toujou preche avèk yon tradiktè, menm nan Lachin, paske dyalèk li a pa t lajman rekonèt. Menm jan ak Jòj Whitefield, Jan Sung te pèsonèlman konseye laplipa moun kit e reponn a predikasyon li a. “Kretyen jodi a nan Lachin ak Taiwan dwe plis a minister Sung lan; li se te youn nan pi gwo kado Bondye yon an Ekstrèm Oryan an nan ventyèm syèk la” (T. Farak, in J. D. Douglas, Ph.D., Kimoun ki Kimoun nan Istwa Kretyèn lan Tyndale House, 1992, p. 650). Pi bon biyografi kout Doktè Sung se pa Rev. William E. Schubert ki gen tit, “Mwen sonje Jan Sung,” disponib nan www.strategicpress.org . Klike isit la pou achte biyografi Reveran Schubert a. Klike isit la pou achte yon biyografi de Doktè Jan Sung pa Leslie Lyall (pa si bon ke pa Schubert a men enteresan si li ase kritik). Klike isit la pou achte jounal Doktè Jan Sung la ki gen tit: “Jounal yon fwa pèdi.” Klike isit la pou li yon atik nan Wikipedya sou Doktè Sung.

Li te mouri nan kansè an 1944, nan laj karannde zan.

“Kisa sa ta sèvi yon nonm, si l ta genyen lemond antye, epi li pèdi nan li?” (Mak 8:36).

Se lapriyè mwen ke ou pral fè eksperyans yon konvesyon reyèl, tankou Doktè Sung te fè. Mwen priye pou Bondye pral montre vid nan lavi sa a ; e Bondye ap mennen ou avèk yon konviksyon pwofon de peche; e ke Bondye pral atire ou a Kris la pou netwaye l nan peche pa san ekspiyatwa Li. Lè ou fè Kris la konfyans, ou pral fèt ankò e ou pral gen yon bèl lavi nouvèl nan Li. Epi mwen priye ke ou pral tounen aswè a vè 6:15 PM pou tande yon lòt mesaj ki gen tit: “Avèk Doktè Jan Sung nan yon Seminè Liberal” (klike isit la pou li l). Amèn. Silvouplè kanpe epi chante kantik nimewo En an sou fèy chan ou an, “Jezi te peye li tout.”

Mwen tande Sovè a di: “Fòs ou vrèman piti,
Timoun nan feblès, veye epi lapriyè, jwenn nan mwen tout ou nan tout.”
Jezi te peye li tout, Mwen dwe Li tout;
Peche a te kite yon tach kramwazi (wouj), Li te lave li blan kòm nèj.

Senyè, kounye a mwen jwenn pouvwa Ou, e ou menm sèl,
Kapab chanje tach lèp yo, epi fonn kè wòch la.
Jezi te peye li tout, Mwen dwe Li tout;
Peche a te kite yon tach kramwazi (wouj), Li te lave li blan kòm nèj.
   (“Jezi te peye li tout” pa Elvina M. Hall, 1820-1889).


LÈ OU EKRI DR. HYMERS OU DWE DI LI NAN KI PEYI W AP EKRI OSWA LI PA KA REPONN IMEL OU A. SI MESAJ SA YO BENI OU VOYE YON IMEL BAY Dr. Hymers. Imel Dr. Hymers se: rlhymersjr@sbcglobal.net (klike isi). Ou ka ekri Dr. Hymers in nenpòt lang, men ekri an anglè si ou kapab. Si ou vle ekri Dr. Hymers pa lapòs, adrès li se P.O. Box 15308, Los Angeles, CA 90015. Ou ka telefone l nan (818)352-0452.

(FEN MESAJ LA)
Ou ka li mesaj Doktè Hymers yo chak semèn sou entènèt la
nan www.sermonsfortheworld.com.
Klike sou “Mesaj an Kreyòl.”

Maniskri mesaj sa yo pa pwoteje pa dwadotè. Ou ka itilize yo san pèmisyon Dr. Hymers.
Sepandan, tout videyo mesaj Dr. Hymers yo, ak tout lòt mesaj yo sou videyo nan legliz nou
an, yo pwoteje pa dwadotè e yo kapab itilize sèlman ak pèmisyon.

Solo Te Chante Anvan Mesaj la pa Mesye Benjamin Kincaid Griffith:
“Tout Pou Jezi” (pa Mari D. James, 1810-1883).