Print Sermon

Objektif sitwèb sa a se founi maniskri mesaj gratis ak videyo mesaj yo bay pastè yo ak misyonè yo atravè mond lan, espesyalman nan peyi soudevlope yo, kote ki pa gen kèk seminè teyolojik oswa lekòl Biblik.

Maniskri mesaj sa yo ak videyo yo ale kounye a nan anviwon 1,500,000 òdinatè nan plis pase 215 peyi chak ane nan www.sermonsfortheworld.com Dè santèn lòt moun gade videyo yo sou YouTube, men byento yo kite YouTube epi vini sou sit entènèt nou an.YouTube alimante moun yo nan sit entènèt nou an. Maniskri mesaj yo difize nan 46 lang a anviwon 120,000 òdinatè chak mwa. Maniskri mesaj yo pa gen dwadotè, konsa predikatè yo ka itilize yo san pèmisyon nou. Tanpri klike isit la pou aprann kijan ou ka fè yon don chak mwa pou ede nou nan gwo travay sa a pou preche Levanjil la nan lemonn antye.

Chak fwa ou ekri Doktè Hymers, toujou di l nan ki peyi ou rete, oswa li pa ka reponn ou. Imel Doktè Hymers se: rlhymersjr@sbcglobal.net.




NÒT SOU JOU JÈN NOU AN LÈ MADI

NOTES ON OUR FAST-DAY ON TUESDAY
(Creole)

pa Doktè R. L. Hymers, Jr.

Yon mesaj ki te preche nan Tabènak Batis Los Angeles la
Jou Aswè Senyè a, 12 Dawout, 2018
A sermon preached at the Baptist Tabernacle of Los Angeles
Lord’s Day Evening, August 12, 2018

“Lè w ap fè jèn, wenn tèt ou, epi lave figi ou; Konsa moun p ap wè si w ap fè jèn., men Papa ou ki wè sa ou fè an sekrè a, se li ki va ba ou rekonpans ou” (Matye 6:17, 18).


Remake ke Jezi pa t di, “Si ou ap jene.” Non, Li te di, “Lè ou ap jene.” Jèn sanble etranj pou moun layik yo jodi a. Pafwa, yon manman twò sousye ap panse ou pral mouri grangou si ou ale yon jou san ou pa manje. Pa bay manman w manti. Jis di li ou pa manje manje sa a.

Se pa tout moun ki ta dwe jene. Si ou gen yon pwoblèm fizik ou ta dwe wè yon doktè medikal anvan ou kòmanse yon jou nan jèn. Nan legliz nou an, ou ta ka wè Doktè Judith Cagan, oswa Doktè Kreighton L.Chan. Oswa ou ta ka rele yo nan telefòn. Nimewo Doktè Judith Cagan se (213)324-3231. Nimewo selilè Doktè Chan se (323)819-5153. Si ou soufri de yon maladi tankou dyabèt oswa tansyon wo, oswa lòt bagay, ou ta dwe asire w ke ou rele Doktè Judith Cagan oswa Doktè Chan, oswa pale ak youn nan yo aprè sèvis sa a. Si yo di ou pa jene, ou ka toujou pase plis tan nan lapriyè lè nou gen jou jèn nou an lè madi. Ou ka jwenn noun an lapriyè san jene jou sa a.

Madi, 14 Dawout, nou pral gen yon jounen jèn nan legliz nou an. Pa gen okenn nan nou ki gen pou jene. Pèsòn pa pral verifye si ou jene. Si ou ap jene avèk nou li pral konplètman volontè. Fè l si ou vle. Pa fè l si ou pa vle.

Sa a se premye fwa nou te gen yon jou jèn pou plizyè mwa. Mwen te sonje nesesite pou jene ak lapriyè pa Doktè Elmer L. Towns, ko-fondatè Inivèsite Liberty. Panse ak kòmantè mwen yo pral bay nan mesaj sa a te sòti nan liv Doktè Towns yo, Gid Debitan pou Jene, Piblikatè Bethany House, 2001. Se yon bon liv. Si ou vle yon kopi ou ka kòmande youn sou Amazon.com.

Gen plizyè kalite jèn na liv Doktè Twons lan. Men, nou pral gen yon sèl jou jèn, ke li rele yon “Jèn Yom Kippur.” Se te yon jou kwayan Jwif yo te dwe pratike (Levitik 16:29).

Jodi a, Kretyen yo pa oblije jene – men yo pèmèt nou jene. Jezi te di, “lè w ap jene” (Matye 6:16) paske jèn la se yon disiplin pou bati karaktè nou ak lafwa nou.

Si ou pa janm fè jèn, li ka fè ou pè pou panse pa manje pandan yon jounen. Men, jèn lan pa pral fè ou mal ke swiv yon rejim pou pèdi pwa.Yon jèn yon sèl jou pa pral nwi yon moun nòmal yon doktè “OK” – tankou Droktè Judith Cagan oswa Dr. Chan.

Yon jou “Jèn Yom Kippur” se pi bon fason pou fè premye jèn ou an lè madi. Ou pa oblije jene. Ou fè li volontèman kòm yon disiplin espirityèl. Pa enkyete w de sa lòt moun panse, paske jèn ou an se yon angajman pèsonèl ant ou menm ak Bondye. Jèn lan pral ede ou vin yon vanyan sòlda lapriyè pou Bondye.

Lè w ap jene madi, atann a yon rezistans. Dyab la ap opoze ou. Si ou priye pou Sali lòt moun oswa pou legliz ou a, Satan ap opoze ou. Jèn lan se pa fasil. Se konsa, lè ou kòmanse sou avanti a nan jèn lan, fè li ak konesans ke li ka petèt difisil. Men, rekonpans yo pral vo li!

Yon jou Jèn Yom Kippur a te sòti nan kouche solèy la al nan kouche solèy la nan Bib la. Si ou al jene avèk nou pou yon jounen ou ta dwe manje yon goute jis anvan solèy kouche (apeprè 8:30 PM). Manje yon bannann oswa yon bòl ti sereyal. Jou k ap vini an pa manje mante maten oswa manje midi. Lè solèy la desann sou madi nou pral gen yon repa pou ou isit la nan legliz la. Ou ka manje yon goute, tankou yon lòt bannann, anvan ou vini legliz a 7:00 PM. Nou pral gen kèk labouyi ak yon sandwich pou ou lè ou rive isi a. Lè sa a, nou pral gen kèk lapriyè, ak yon opòtinite pou ou pou bay yon temwayaj sou jou jèn ou an ak lapriyè a, epi mwen pral preche yon mesaj kout.

LÈ OU AP JENE EPI PRIYE LÈ MADI, OU TA DWE GEN YON OBJEKTIF. OBJEKTIF JOU JÈN SA A SE POU MANDE BONDYE POU ITILIZE PLAN NOU AN NAN JWÈT SAMDI SWA A POU MESYE YO MENNEN LÒT YO NAN LEGLIZ NOU AN. SI BONDYE PA BENI JWÈT YO PA GEN MOUN KI PRAL VINI NAN LEGLIZ NOU AN, EPI JWÈT YO PRAL JIS VIN LÒT AKTIVITE, YON PATI NAN “MACHINRI” NAN LEGLIZ LA, JIS YON LÒT AKTIVITE KI PA PWODUI FWI. NOU PRAL GEN YON LÒT JOUNEN JÈN POU LAPRIYÈ POU NOUVÈL AKTIVITE YO DAM NOU YO AK MESYE YO, POU JENE EPI LAPRIYÈ LMADI POU BONDYE ITILIZE JWÈT SAMDI SWA YO POU MENNEN NOUVO MOUN NAN LEGLIZ NOU AN. OU KA PRIYE POU KÈK LÒT BAGAY – MEN, OBJEKTIF PRENSIPAL LA NAN SA A TA DWE KONSANTRE SOU BONDYE ITILIZE JWÈT SAMDI SWA YO POU MENNEN NOUVO JÈN GASON NAN LEGLIZ NOU AN. FÈ OBJEKTIF PRENSIPAL PRIYÈ W YO KONSANTRE SOU SA – POU BONDYE EDE MESYE YO MENNEN MOUN NAN JWÈT YO EPI POU VIZITE SÈVIS NOU YO NAN DIMANCH. JENE AK LAPRIYÈ POU OBJEKTIF SA A. NOU BEZWEN DAM YO POU JENE AVÈK NOU POU OBJEKTIF SA A TOU.

Sonje pou kòmanse jèn ou an lendi swa ak yon ti goute, answit yon ti dejene ak yon manje midi nan madi. Manje yon lòt goute nan aswè, answit vin legliz la 7:00 PM nan madi, epi nou pral kraze jèn lan ansanm avèk kèk labouyi ak yon sandwich.

“Lè w ap jene”... Sa a vle di ke Jezi te apwouve jèn lan. Kretyen yo dwe jene pou resevwa konsèy ak pouvwa nan Sentespri a. Doktè John R. Rice te di, “Mwen konnen ke jèn reyèl la...pral jwenn benediksyon ke Bondye vle ban nou an.” Spurgeonte di, “Nou te pèdi yon gwo benediksyon nan legliz kretyèn lan lè n abandone jèn lan.” Doktè R. A. Torrey te di, “Si nou ta lapriyè ak pwisans, nou ta dwe lapriyè avèk jèn.” Gran evanjelis Jan Wesley te di, “Èske w gen jou jèn ak lapriyè? Tanpèt sou twòn lagras la…ak mizèrikòd ap tonbe.” Pastè Chinwa m lan, Doktè Timothy Lin te di, “konsyans espirityèl nou souvan debloke pi vit lè nou kòmanse jene ak lapriyè… Pawòl sa a se eksperyans pèsonèl mwen.”

Pote maniskri sa a lakay ou avèk ou aswè a. Li mesaj demen an nan prepare pou kòmanse jèn ou an nan aswè ak yon ti goute. Men kèk pwen yo sonje lè ou jene nan lendi swa jou madi swa:

1.  Fè jèn ou an yon sekrè (otank posib). Pa ale nan di moun ou ap fè jèn.

2.  Memorize Ezayi 58:6 pandan jèn madi a.

“Non! Men kalite jèn ki pou fè kè m kontan an: Sispann fè mechanste, sispann fè lenjistis,.Bay esklav nou yo libète! Mete chay k ap foule moun yo atè. Separe sa nou genyen ak moun ki grangou. Louvri pòt kay nou pou nou resevwa malere ki pa gen kote pou yo dòmi. Si nou wè yon frè nou toutouni, ba li rad pou li mete sou li. Pa refize lonje men bay frè parèy ou?” (Ezayi 58:6).

3.  Li Matye 7:7-11 avèk atansyon plizyè fwa pandan w ap jene lè madi.

“Mande, y a ban nou. Chache, n a jwenn. Frape, y a louvri pou nou. Paske, nenpòt moun ki mande va resevwa. Moun ki chache va jwenn. Y a louvri pou moun ki frape.. Èske gen youn nan nou ki va bay pitit li yon wòch si li mande l yon pen? Èske l a ba li yon koulèv si pitit li mande l yon pwason? Sinou menm ki mechan jan nou mechan an, nou konn bay pitit nou yo bon bagay, nou pa bezwen mande si Papa nou kin an syèl la pp ap ban nou bon bagay lè nou mande li?” (Matye 7:7-11).

4.  Priye pou mesye nou yo pou mennen plizyè jèn gason nan jwèt baskètbòl la lè samdi, 18 Dawout.

5.  Bwè anpil dlo, anviwon 1 vè chak de zèdtan. Ou ka bwè kafe nwa tou oswa te (san krèm oswa sik) si ou gen abitid bwè l chak jou. Si ou santi ou “etoudi” ou ka bwè Sprite fret oswa Seven-up (yon vè oswa de). Pa bwè bwason pwisan!

6.  Si ou gen kesyon sou eta sante ou, tankou tansyon wo oswa dyabèt, pale ak Doktè Judith Cagan oswa Doktè Kreighton Chan anvan ou jene you. Nimewo selilè yo te bay pi bonè nan mesaj sa a.

7.  Kòmanse jèn ou an lè w fin manje yon ti goute lendi swa. Fini jèn ou an ak yon goute lejè madi – answit vini legliz pou yon repa lejè a 7h:00 lè madi swa.

8.  Sonje konsantre lapriyè ou lè madi sou siksè mesye nou yo k ap mennen moun nan jwèt baskètbòl la samdi pwochen.


Ou ka telefone m, Doktè Hymers, nan (818)352-0452 nenpòt ki lè si ou gen yon pwoblèm oswa yon keswyon oswa telefone Madan Hymers nan (818)645-7356 epi di l pou jwenn mwen.

Mwen pral priye pou ou gen yon tan siksè nan jèn ak lapriyè! Yon lòt bagay ankò: Si w ap travay oswa ou lekòl lè madi, priye an silans de tan zan tan pou demann sa yo. Kenbe mesaj sa a avèk ou lè madi pou ou ka reli 8 pwen yo pou sonje (pi wo a). Ke Bondye beni nou tout!

Doktè R. L. Hymers, Jr.
Filipyen 4:13

Silvouplè kanpe epi chante kantik nimewo 4 la, “Montre M Lapriyè.”

Montre m lapriyè, Segnè, montre m lapriyè; Sa a se kri kè m, jou aprè jou;
Mwen anvi konnen volonte ou ak fason ou; Montre m lapriyè, Segnè, montre m lapriyè.

Pwisans nan lapriyè, Senyè, pwisans nan lapriyè, Isit la ‘peche nan mitan latè ak lapenn ak swen;
Gason yo pèdi epi yo mouri, nanm yo dezespere; O ban m pwisans, pwisans nan lapriyè!

Montre m lapriyè, Segnè, montre m lapriyè; Ou se modèl mwen, jou aprè jou;
Ou se depo mwen, kounye e pou toujou; Montre m lapriyè, Segnè, montre m lapriyè.
   (“Montre M Lapriyè” pa Albert S. Reitz, 1879-1966).


LÈ OU EKRI DR. HYMERS OU DWE DI LI NAN KI PEYI W AP EKRI OSWA LI PA KA REPONN IMEL OU A. SI MESAJ SA YO BENI OU VOYE YON IMEL BAY Dr. Hymers. Imel Dr. Hymers se: rlhymersjr@sbcglobal.net (klike isi). Ou ka ekri Dr. Hymers in nenpòt lang, men ekri an anglè si ou kapab. Si ou vle ekri Dr. Hymers pa lapòs, adrès li se P.O. Box 15308, Los Angeles, CA 90015. Ou ka telefone l nan (818)352-0452.

(FEN MESAJ LA)
Ou ka li mesaj Doktè Hymers yo chak semèn sou entènèt la
nan www.sermonsfortheworld.com.
Klike sou “Mesaj an Kreyòl.”

Maniskri mesaj sa yo pa pwoteje pa dwadotè. Ou ka itilize yo san pèmisyon Dr. Hymers.
Sepandan, tout videyo mesaj Dr. Hymers yo, ak tout lòt mesaj yo sou videyo nan legliz nou
an, yo pwoteje pa dwadotè e yo kapab itilize sèlman ak pèmisyon.

Solo te chante anvan Mesaj la pa Mesye Benjamin Kincaid Griffith:
“Montre M Lapriyè” (pa Albert S. Reitz, 1879-1966).