Print Sermon

Objektif sitwèb sa a se founi maniskri mesaj gratis ak videyo mesaj yo bay pastè yo ak misyonè yo atravè mond lan, espesyalman nan peyi soudevlope yo, kote ki pa gen kèk seminè teyolojik oswa lekòl Biblik.

Maniskri mesaj sa yo ak videyo yo ale kounye a nan anviwon 1,500,000 òdinatè nan plis pase 215 peyi chak ane nan www.sermonsfortheworld.com Dè santèn lòt moun gade videyo yo sou YouTube, men byento yo kite YouTube epi vini sou sit entènèt nou an.YouTube alimante moun yo nan sit entènèt nou an. Maniskri mesaj yo difize nan 46 lang a anviwon 120,000 òdinatè chak mwa. Maniskri mesaj yo pa gen dwadotè, konsa predikatè yo ka itilize yo san pèmisyon nou. Tanpri klike isit la pou aprann kijan ou ka fè yon don chak mwa pou ede nou nan gwo travay sa a pou preche Levanjil la nan lemonn antye.

Chak fwa ou ekri Doktè Hymers, toujou di l nan ki peyi ou rete, oswa li pa ka reponn ou. Imel Doktè Hymers se: rlhymersjr@sbcglobal.net.




DISIP YO AK DEMON YO

DISCIPLES AND DEMONS
(Creole)

Yon mesaj ki te ekri pa Doktè R. L. Hymers, Jr.
epi te preche pa Rev. Jan Samuel Cagan
nan Tabènak Batis Los Angeles
la Jou Maten Senyè a, 22 jiyè 2018
A sermon written by Dr. R. L. Hymers, Jr.
and preached by Rev. John Samuel Cagan
at the Baptist Tabernacle of Los Angeles
Lord’s Day Morning, July 22, 2018


Sa a se twazyèm etid la nou ap bay sou Kris la ki fòme Disip Li yo. Lè nou suiv Jezi nan fòmasyon yo, nou aprann fason pou antrene disip yo jodi a.

Jezi pa t fòme Disip Li yo fason legliz nou yo eseye fòme jèn moun jodi a. Nou ta dwe prete atansyon sou fason Jezi te fè disip, paske Li te gen anpil siksè, e legliz nou yo echwe jeneralman. Youn nan erè yo jodi a se eseye konvèti disip nou yo anvan nou anseye yo pou yo disip. Men, Jezi te pase twa ne anseye disip Li yo, anvan yo te fèt ankò (Jan 20:22; gade J. Vernon McGee ak Thomas Hale). Sa se yon gwo diferans ant sa Jezi te di, ak sa nou eseye fè jodi a.

Yon lòt diferans enpòtan se nan sijè Kris la anseye yo. Nan kòmansman an Jezi te rele yo epi li te di, “Mwen pral fè ou pechè moun” (Mak 1:17). Li te fòme yo avèk yon sèl objektif prensipal – rann yo kapab pou ede lòt moun vin disip. Jezi te di yo ke se te objektif Li depi nan kòmansman an. E se objektif mwen tou. Mwen pa isit la pou anseye ou istwa Biblik, menm jan yo fè nan lekòl dominikal la. Objektif mwen se pou aprann ou vin ganyè nanm, pou mennen lòt yo swiv Kris la epi pou ganye nanm pèdi yo. Kris la te di yo ke depi nan kòmansman an (gade Mak 1:16-20).

Dezyèm bagay Kris te anseye yo se te fason pou yo fè fas ak Satan ak demon l yo. Gade nan Mak 1:21-27.

“Aprè sa, Jezi ale ak disip li yo nan yon lavil yo rele Kapènawòm. Jou repo a, Jezi antre nan sinagòg la. Li kòmanse montre moun yo anpil bagay. Yo te sezi tande sa l t ap montre yo. Se pa t menm jan avèk dirèktè lalwa yo, paske li te pale ak yo tankou yon moun ki otorize. Lè sa a, yon nonm ki te gen yon move lespri sou li vin antre nan sinagòg la, lip ran rele: Ey Jezi, moun Nazarèt, kisa nou gen avè ou? Ou vin isit la pou detwi nou? Mwen konnen byen pwòp ki moun ou ye. Ou se moun Bondye chwazi a. Jezi pale byen fò ak move lespri ki te sou nonm lan, li di li: Pe la! Sòti sou nonm sa a. Move lespri a souke nonm lan byen souke, li bay yon gwo rèl, epi li sòti, l ale. Tout moun yo te sitèlman sezi, youn t ap mande lòt: Sa sa ye la a menm! Sa se yon lòt bagay l ap montre nou la a. Menm move lespri yo, li pase yo lòd ak otorite , yo obeyi li” (Mak 1:21-27).

Gade. Dezyèm bagay Kris te anseye premye disip Li yo se te sou pwouvwa Li sou Satan ak demon l yo. Bid etid Refòm lan (paj 290) di,

Demon se zanj ki tonbe...k ap sèvi Satan. Le yo te rankontre rebelyon Satan an, yo te chase sòti nan syèl la… Lame demon Satan yo [itilize] desepsyon ak dekourajman nan anpil fòm. Pou opoze yo se travay lagè espirityèl (Efezyen 6:10-18).

Kòm yon nouvo disip, Jezi vle ou konnen sou Satan ak demon l yo. Youn nan mesye yo Jezi te rankontre yo se te demon posede. Nan Bib King James lan mo Grèk pou demon yo tradui “move lespri yo.” Gade nan Mak 1:39,

“Se konsa li te ale toupatou nan peyi Galile, li [Jezi] t ap mache bay mesaj la nan sinagòg yo, li t ap chase move lespri” (Mak 1:39).

Kòm ou vin yon disip Jezi, ou dwe pran konsyans de move lespri yo ki antoure ou. Demon avegle moun yo de verite ki bay nan Bib la. Demon yo pral eseye fè ou pè epi pou yo fè ou sispann vini nan legliz nou an. Demon yo ap eseye anpeche ou vin yon Kretyen. Doktè Thomas Hale te di,

Nou dwe sonje ke posesyon move lespri se pa yon fòm maladi mantal.Demon oswa move lespri, se domestik demon an chèf la. Yo se travayè nan sa ki mal. Lè yo antre nan yon nonm, yo fè l yon prizonye oswa esklav Satan. Se sèlman atravè pouvwa Jezikri sa yo ka simonte move lespri yo epi yo pral moun libète (Thomas Hale, M.D., Kòmantè Nouvo Testaman Aplike; nòt sou Mak 1:21-28).

Kòm ou vin yon disip Jezi, ou dwe pran konsyans de move lespri yo ozalantou.

Moun vin demon posede nan abi dwòg, okilt, ak lòt fòm gwo rebelyon kont Bondye.

“Ebyen,” yon moun di, “mwen pa te pran dwòg, mwen pa te patisipe nan okilt la, mwen pa te fè bagay sa yo.” Mwen byen kontan ke w pa t ale byen lwen nan peche. Men kanmenm, lide ou a te travay (dinamize) pa “chèf otorite yo ki nan lè a” (Satan; Efezyen 2:2). Se konsa, lespri enkonvèti ou a dinamize pa Satan, “otorite a ki nan lè a.”

Dezyèm bagay Satan fè a se avegle ou de verite a. Koute II Korentyen 4:3-4.

“Si malgre sa, bòn nouvèl m ap anonse a pa klè toujou, li pa klè pou moun k ap peri yo. Yo pa kwè paske sa yo pran pou Bondye nan lemonn lan bouche lespri yo. Li enpoze yo wè limyè bò nouvèl la. Se bòn nouvèl sa a ki fè nou konnen pouvwa Kris la, li menm ki potre Bondye, tad we brine nan mitan yo” (II Korentyen 4:3-4).

“bondye nan mond sa a” pi byen tradui kòm “bondye nan laj sa a.” Satan se bondye nan laj sa a. Satan te avegle lespri yo “sa yo ki pa kwè.” Ou ka mande poukisa ou pa konprann Levanjil Kris la. Repons lan se senp – bondye laj sa a [Satan] te avegle lespri ou. Men Kris la gen pouvwa plis pase Satan, oswa nan move lespri l yo. Se poutèt sa Kris la chase fasilman move lespri sa a nan Kapènawòm. Kris la te di, “sòti nan li” epi move lespri a “te sòti nan li” (Mak 1:25, 26).

Si ou vle vin yon Kretyen reyèl ak yon disip Jezi, alò Kris la dwe pran kontwòl Satan an nan panse ou. Yon Hippie yon fwa te di Doktè Hymers, “mwen bezwen yon transplantasyon sèvo.” Se te twò ekstrèm. Kisa jèn gason sa a te bezwen se te gen lide lespri pirifye pa Jezi. Fason Jezi fè sa a se trè senp. Li lave lespri ou avèk Pawòl Bondye a – Bib la. Bib la pale de “dlo ki lave pa pawòl la” (Efezyen 5:26). Sòm 119:130 di,

“Eksplikasyon nan pawòl ou yo bay limyè; li te bay konpreyansyon a sa ki senp” (Sòm 119:130).

Èske w vle vin yon disip Jezi? Se yon fason pratik pou kòmanse. Li youn nan maniskri Doktè Hymers yo sou sit entènèt nou an chakswa avan ou ale dòmi. Sit entènèt nou an se nan www.realconversion.com. Si ou li youn nan mesaj Doktè Hymers yo chak swa anvan ou ale nan kabann ou, vèsè Biblik yo ak kòmantè pral pirifye lespri ou epi ou pral byento mete konfyans nan Jezi e ou pral sove! Silvouplè, kanpe epi chante kantik nimewo 5 lan, “mwen konnen Bib la se Verite.”

Mwen konnen li te voye pa Bondye, Ansyen an, menm jan tou Nouvo a;
   Enspire epi sen, Pawòl vivan an, Mwen konnen Bib la se verite.
Mwen konnen, Mwen konnen, Mwen konnen Bib la se verite;
   Divinman enspire sou tout wout la, mwen konnen Bib la se verite.

Mwen konnen Bib la se toutafè vrè, Pou lapè li te ban m anndan;
   Li te jwenn mwen, rekonfòte mwen chak jou, epi li ban m viktwa sou peche.
Mwen konnen, Mwen konnen, Mwen konnen Bib la se verite;
   Divinman enspire sou tout wout la, mwen konnen Bib la se verite.

Menm si lènmi an nye avèk yon lespri odasye, ansyen mesaj la, men toujou nouvo,
   Verite li pi dous chak fwa ‘yo te di, Mwen konnen Bib la se verite.
Mwen konnen, Mwen konnen, Mwen konnen Bib la se verite;
   Divinman enspire sou tout wout la, Mwen konnen Bib la se verite.
(“Mwen konnen Bib la se verite” pa Doktè B. B. McKinney, 1886-1952).


LÈ OU EKRI DR. HYMERS OU DWE DI LI NAN KI PEYI W AP EKRI OSWA LI PA KA REPONN IMEL OU A. SI MESAJ SA YO BENI OU VOYE YON IMEL BAY Dr. Hymers. Imel Dr. Hymers se: rlhymersjr@sbcglobal.net (klike isi). Ou ka ekri Dr. Hymers in nenpòt lang, men ekri an anglè si ou kapab. Si ou vle ekri Dr. Hymers pa lapòs, adrès li se P.O. Box 15308, Los Angeles, CA 90015. Ou ka telefone l nan (818)352-0452.

(FEN MESAJ LA)
Ou ka li mesaj Doktè Hymers yo chak semèn sou entènèt la
nan www.sermonsfortheworld.com.
Klike sou “Mesaj an Kreyòl.”

Maniskri mesaj sa yo pa pwoteje pa dwadotè. Ou ka itilize yo san pèmisyon Dr. Hymers.
Sepandan, tout videyo mesaj Dr. Hymers yo, ak tout lòt mesaj yo sou videyo nan legliz nou
an, yo pwoteje pa dwadotè e yo kapab itilize sèlman ak pèmisyon.

Solo te chante anvan Mesaj la pa Mesye Benjamin Kincaid Griffith :
“Mwen konnen Bib la se Verite” (pa Doktè B. B. McKinney, 1886-1952).