Print Sermon

Objektif sitwèb sa a se founi maniskri mesaj gratis ak videyo mesaj yo bay pastè yo ak misyonè yo atravè mond lan, espesyalman nan peyi soudevlope yo, kote ki pa gen kèk seminè teyolojik oswa lekòl Biblik.

Maniskri mesaj sa yo ak videyo yo ale kounye a nan anviwon 1,500,000 òdinatè nan plis pase 221 peyi chak ane nan www.sermonsfortheworld.com. Dè santèn lòt moun gade videyo yo sou YouTube, men byento yo kite YouTube e pi vini sou sit entènèt nou an. YouTube alimante moun yo nan sit entènèt nou an. Maniskri mesaj yo difize nan 40 lang a anviwon 120,000 òdinatè chak mwa. Maniskri mesaj yo pa gen dwadotè, konsa predikatè yo ka itilize yo san pèmisyon nou. Tanpri klike isit la pou aprann kijan ou ka fè yon don chak mwa pou ede nou nan gwo travay sa a pou simaye Levanjil la nan lemonn antye, ki gen ladan Mizilman yo ak nasyon Endou yo.

Chak fwa ou ekri Doktè Hymers, toujou di l nan ki peyi ou rete, oswa li pa ka reponn ou. Imel Doktè Hymers se: rlhymersjr@sbcglobal.net.




WÈ OSWA KWÈ?

SEEING OR BELIEVING?
(Creole)

pa Doktè R. L. Hymers, Jr.

Yon mesaj ki te preche nan Tabènak Batis Los Angeles
la Jou Aswè Seyè a, 4 Fevriye, 2018
A sermon preached at the Baptist Tabernacle of Los Angeles
Lord’s Day Evening, February 4, 2018

“Nou renmen l, atout nou pa te wè l. Nou gen konfyans nan li, atout nou pa wè l kounyea. Konsa, nou kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj, paske nou jwenn sa nou t ap chache le nou te kwè a: delivrans pou nanm nou.” (I Pyè 1:8, 9).


Pyè te pale ak moun ki pa janm wè Jezi. Yo pa t janm wè l lè l te sou tè a. Men, yo te sove pa Li. Anpil lòt te wè Jezi lè Li te sou tè a. Men, yo pa t sove. Nou ka di pou sèten sag ran Spurgeon te di – “Wè se pa kwè, men Kwè se Wè.” Se te tit youn nan mesaj Spurgeon yo. Li te baze sou tèks nou an. Mwen pral senplifye mesaj Spurgeon an pou ou.

I. Premyèman, wè se pa kwè.

Ou pa bezwen konnen anpil nan Bib la pou konnen sa. Tout atravè kat Evanjil yo se te moun ki te wè Jezi. Yo te wè Li, men yo pa t kwè nan Li. Jida Iskaryòt te youn nan Disip Jezi yo. Men Jid pa t kwè nan Jezi. Jida te swiv Jezi pou twa ane. Li te viv avèk Jezi. Li te manje ak Jezi. Li te chase move lespri nan non Jezi. Li t ap preche sou Jezi. Li te konnen Jezi entimeman epi byen. Jezi te menm rele Jida zanmi Li. Men Jida pa t kwè nan Jezi. Se poutèt sa li te trayi Jezi pout rant pyès an ajan. Se poutèt sa li sòti, li te pann tèt li, li te ale nan lanfè. Lòt disip yo pa twò pi byen. Yo menm tou yo pa t kwè nan Jezi. Li te di yo li te prale Jerizalèm pou soufri epi mouri. “Yo pa t konprann anyen nan bagay sa yo… ni yo pa t konnen de ki bagay yo t ap pale yo” (Lik 18:34). Yo pa t kwè nan Jezi jouk Li te soufle sou yo (Jan 20:22). Disip Toma pa t menm kwè nan Jezi aprè sa! Yo te viv avèk Jezi pou twa ane. Men yo pa t kwè nan Li. Wa Ewòd te wè Li, men li pa t kwè nan Li. Pilat te wè Li men li pa t kwè nan Li. Farizyen yo te wè Li fè mirak, men yo pa t kwè nan Li. Sadiseyen yo ak Ewodyen yo te pale ak Li, men yo pa t kwè nan Li. Gwo foul moun yo te nouri pa Li, e yo te wè l fè mirak. Men anpil ladan yo pa t kwè nan Li nonplis. Diman nenpòt mout ki te wè Jezi pandan ke Li te sou latè te kwè nan Li! Diman nenpòt moun! Sa a se yon reyalite etonan! Si etonan ke Apot Jan te ekri sou li. Jan te di, “Li vin nan peyi l, men tout moun nan peyi l pa t resevwa l” (Jan 1:11). Se sèlman yon ti ponyen moun ki te wè Jezi sou latè ki te kwè nan Li.

Sòti nan reyalite a nou konnen ke “wè se pa kwè.” Men, gen kèk nan ou isit la aswè a panse ou ta kwè nan Li si ou te kapab wè l. Ou pa ta admèt li, men se vre. Se poutèt sa ou vle “santi” yon bagay pou pwouve ke Jezi reyèl. Ou chèche yon “santiman” oswa ou chèche yon vèsè Biblik avèk yon pwomès ladan l.Ou ka konprann yon santiman. Ou ka wè yon pwomès Biblik. Men ou pa ka wè Jezi. Sa a se ekskiz ou pou ou pa kwè nan Li. Sa a se ekskiz ou pou ou pa fè L konfyans. Sa a se ekskiz ou pou ou pa kwè nan Li. Sa a se ekskiz ou pou pa sove. Men, mwen di nou, “wè se pa kwè.” Santi yon bagay se pa kwè. Repete yon pwomès Biblik se pa kwè. Wè yon mirak se pa kwè. Tout moun ki pa kwè mwen te mansyone te konnen vèsè Biblik yo. Tout moun te wè L. Prèske tout nan yo te wè L fè mirak. Men, yo pa t kwè nan Li. Epi pi fò nan yo te mouri epi yo te ale nan lanfè paske yo pa te janm kwè nan Li, menm si yo te wè l anpil fwa!

Pwofèt Ezayi te pale de Jezi. Ezayi te di, “Yo pa t gade l menm, tout moun te vire do ba Li” (Ezayi 53:3). Nòt Barnes yo di,

Li meprize...Redanmtè a te objè mepri ak defèt pa farizyen yo, pa Sadiseyen yo, epi pa Women yo. Nan lavi li sou latè li te vrèman, nan lanmò Li se te toujou konsa; epi depi lè sa a, non li ak pwòp pèsòn Li se te objè mepri.

Rejete pa lèzòm...Fraz la chaje ak siyifikasyon, epi nan twa mo li enonse istwa a tout antye de lòm apwopo de trètman li de Redanmtè a. Non “Rejete [pa] lèzòm” pral eksprime tout istwa tris epi melankolik, rejete pa Jwif yo; pa rich yo, pa gran yo ak savan yo; pa moun nan mas yo de tout grad, laj ak tout ran yo.

Kòmantè Pulpit la di,

Li meprize. Mepri lòm lan te manifeste an pati pa yon ti atansyon ke l te pote a ansèyman l an pati akòz de trètman l nan nuit lan ak nan lavèy krisifiksyon an. Rejete pa lèzòm, pito delese pa lèzòm…Seyè nou an pa te gen okenn moman plis pase yon “ti twoupo.” Menm pami yo, “anpil te retounen epi pa t mache avè l.” Gen kèk ki te vini jwenn li lèswa. Tout “chèf” yo ak gwo mesye yo ki te rete aleka de li. Finalman, tout apot li yo “te abandone l epi yo te kouri ale.”

Prèske tout moun ki te wè Jezi lè li te sou latè meprize Li epi rejete Li. Èske ou ta diferan de yo? Si ou pa konvèti, ou se egzakteman tankou yo! Ou meprize epi rejete Li. Ou kache figi ou de Li. Ou se egzakteman tankou sa yo ki te rejete Jei lè yo te wè Li sou latè! Yo te wè Li. Yo te tande vwa Li. Men yo pa t kwè nan Li. Wè se pa kwè!

II. Dezyèmman, kwè se wè!

“Nou renmen l, atout nou pa te wè l. Nou gen konfyans nan li, atout nou pa wè l kounye a. Konsa, nou kontan ka yon kontantman nou pa ka eksplike men ki merite lwanj, paske nou jwenn sa nou t ap chèche lè nou te kwè: delivrans pou nanm nou.” (I Pyè 1:8, 9).

Moun Pyè te pale nan tèks nou an te wè Jezi sou latè. Men, yo te fè l konfyans e yo te sove pa Li! Poukisa yo te kwè nan Jezi si yo pa t janm wè L, pa t janm tande vwa L, epi pa t janm manyen L? Gran Refòmis Calvin te bay repons lan. Calvin te di, “Pèsòn p ap janm ka … selon pwòp konpreyansyon l jiskaske Seyè a korije [l] epi fòme lespri L ankò.”

Menm Sentespri a ka ba ou lafwa nan Jezi kounye a. Kounye a – menm si ou pa ka wè Jezi ak je ou. Sentespri a kapab mennen w an kontak ak Jezi kounye a – menm si ou pa ka santi touche nan chè Li. .

Premye pwen kontak avèk Jezi se lanmou. Tèks nou an di, “Ki moun ki pa wè, nou renmen.” “Menm si ou pa t wè L, ou renmen L.” Lanmou Jezi a vin jwenn nou nan plizyè fason. Lè m te kòmanse ale legliz fanmi m t ap pase m nan betiz. Epi yo te moke Jezi tou. Yo te di, love “Kòman ou ka kwè nan Li? Kisa L te fè pou ou?” Plis yo te ri Jezi, plis mwen te renmen L. Te gen move timoun nan legliz mwen an tou. Yo te fè vye blag sal konsènan manman L ki pa t yon vyèj. Yo te di Li se te yon bata. Yo te ri Li. Men plis yo te ri Jezi, plis mwen te renmen Li.

Lè mwen te panse de Jezi nan tan Pak la mwen te renmen Li plis. Mwen te renmen Li pou soufrans sou Lakwa a. Mwen te rayi panse klou yo te antrennen nan pye L ak men L yo. Mwen pa t konnen poukisa yo te fè Li sa. Men, mwen te santi m gen anpil pitye ak lapenn pou Li

Mwen te yon gason solitè. Mwen pa t gen paran avè m pou fè m an sekirite epi kontan. E mwen te panse a Jezi ki te poukont Li – san yon zanmi pou ba Li – e mwen te renmen L. Mwen te panse, “Menm si pa gen lòt moun ki renmen ou, Jezi, pral renmen ou!” Epi se te lanmou Li pou mwen ki te ganye nanm mwen. Jou mwen te sove a yo te chante kantik Charles Wesley a. Chak estwòf te fini avèk mo ki te brize kè m. “Lanmou etonan, kòman li ka ye, ke Ou, Bondye mwen, ta dwe mouri pou mwen.” “Lanmou etonan, kòman l ye, ke Ou, Bondye mwen, ta dwe mouri pou mwen.”

Jezi te Bondye nan kò imen an. Yo te kloure Bondye m lan sou yon kwa rijid. “Lanmou etonan.” Li te brize kè m. Mwen te mete konfyans nan Li. Mwen te vin an kontak avèk Li nan lanmou Li pou mwen – epi nan lanmou mwen pou Li.

Mwen pa panse nenpòt moun isit la ta rele Jan Cagan yon lach. Ou admire Jan pou fòs li nan karaktè. Jan te reziste a Kris la ak tout fib de li menm. Pa gen anyen mwen te di l nan sal ankèt la ki te deplase l. Li te di, “Panse a ke m ta dwe abandone Jezi a te vrèman boulvèse m ke, pou sa ki ta sanble yon etènite, m pa t ap fè l tou senpleman. Jezi te bay lavi Li pou mwen. Jezi te ale pou te kloure sou kwa a pou mwen lè mwen te ènmi l lan, epi mwen pa te sede ba li. Panse a te brize m. Mwen jis pa t kapab kenbe pwòp tèt mwen pou lontan ankò. Mwen te dwe gen Jezi. Nan moman sa a mwen te sede a Li epi mwen te vin jwenn Jezi pa lafwa… m pa t bezwen yon santiman. Mwen te gen Kris la!... Kijan Jezi te dwe te renmen mwen pou padone peche mwen meritan an. Kris te bay lavi L pou mwen e pou sa mwen bay tout mwen a Li….Jezi te pran èn mwen ak kòlè mwen e li te ban m lanmoun nan plas li.”

Gran Spurgeon pa t janm rankontre Jan Cagan. Men, li te erki kòm si li te konnen Jan. Spurgeon te di, “Aprè tou se pa wè – ki dwe toujou ekstèn – se panse sou Jezi, konpreyansyon, vin afekte pa li, ki se pwen reyèl kontak la. Se konsa, renmen Kris la vin tankou si reyèl de linyon, yon lyen pi fò pou lye ke yon touche ta ye...Lanmou fè Sovè a reyèl nan kè a… se konsa kontak la ke lanmou an etabli ant Kris la ak nanm ou se plis reyèl ke tout sa w ta kapab touche oswa santi.” “Menm si ou pa t wè L, ou renmen L.”

Men tèks la ban nou lòt pwen nan kontak ak Jezi – “Nan ki moun, menm si ou pa wè l, men kwè.” “Poutan ou kwè nan Li.” Isit la ankò nou raple lefèt ke ou ka kwè nan Jezi san wè.. “Menm si ou pa wè Li, men kwè, rejwi w...” Men kwè! Men kwè! Moun Pyè te ekri yo pa t konnen Jezi. Yo pa t janm santi Jezi. Yo pa t janm tande vwa Li. Men yo te konnen Li! “Menm si nou pa wè Li, men kwè, rejwi w.” “Menm si ou pa wè Li, ou kwè nan Li.”

Helen Keller te fèt konplètman avèg epi konplètman soud. Yon fanm ki te rele Anne Sullivan te anseye Helen Keller kijan pou pale. Se yon istwa etonan. Lè m te yon ti gason m te tande Helen Keller bay yon diskou nan radyo. Menm si li te totalman avèg epi soud de nesans, Helen Keller te kwè nan Jezi! Ou menm tou ka kwè nan Jezi – menm si ou pa ka wè Li oswa tande Li!

Kwè nan Jezi mennen ou an kontak avèk Li. Toulede lanmou ak lafwa se pwen kontak avèk Jezi. Lanmou ak lafwa ini nou a Sovè a. “Nan moun nou pa wè, ou renmen; nan ki, menm kounye a ou pa wè li, men kwè, ou rejwi.” ”Menm si ou pa wè Li, ou kwè nan Li epi rejwi!”

Koute Emi Zabalaga, pyanis legliz nou an. Li se yon fanm sansib. Ou ka fè konfyans sa li te di.

     Mwen pa ta kwè Kris la. “Jezi” se te jis yon mo, yon doktrin, oswa yon moun mwen te konnen ki te egziste men ankò te vrèn lwen. Olye pou yo fè efò pou Kris la, m t ap chèche yon santiman oswa kèk kalite eksperyans.
     Anreta yon swa mwen toudenkou te reyalize ke Jezi te mouri pou mwen. Nwit sa a mwen [panse de] Li nan Jaden Getsemane a, ap plenn epi swe anba pwa peche mwen. Mwen te wè [nan panse mwen] Kris krisifye a. Mwen [te panse de] sakrifis san Li a e ke Li te pèse pa rejè mwen de Li. Men mwen toujou pa ta mete konfyans nan Li. Men mwen toujou te akwoche a bezwen mwen pou yon santiman d asirans.
     Doktè Hymers te kòman preche nan Kantik Salomon an sou lanmou Kris la. Pandan m t ap koute, Kris la te vin pi plis chaman. M te kòmanse gen mal pou Li. Mwen te tande vèsè a, “Mennaj mwen pale avè m, li di m: Vini non, anmourèz mwen! Ann al avè m non, bèl nègès mwen!” (Kantik 2:10). Mwen te santi Kris la te pale avè m, rele m pou vin jwenn Li menm.
     Mwen te konnen tout eksperyans ke m te travèse yo, lamizè, dezespwa lavi a, vid frèt mond lan, pwa ekrazan peche a, se te tout paske Bondye te renmen m e te mennen m wè bezwen m de Jezi.
     Mwen te ale wè Doktè Hymers aprè mesaj la]. Yon mi peche te sanble drese devan m – mechanste kè m, move panse nan lespri m, ak rejè m san fen de Jezi. M pa t kapab sipòte l menm. M te dwe gen Kris la. M te dwe gen San Li. M ajenou … olye m fè retrè a Jezi, pè pa yon lòt konvèsyon oswa twonpe m, oswa regade nan mwen, oswa pou verifye santiman mwen yo oswa pou tatonnen nan tenèb tankou mwen te toujou fè anvan, mwen te regade Kris la pa lafwa… Li te ale peche mwen yo nan San preye Li a; Li te pran fado lou mwen de peche!Li te padone mwen e te padone tout peche mwen.
     Li se kounye a ewo mwen, Sovè mwen ak Seyè mwen! Anpil fwa depi lè sa a mwen te ale a Jezi pou èd, fou fò epi pou pwoteksyon. Kòm chanson an di, “Mizerikòd te reekri lavi m./ Mizerikòd te reekri lavi m./ Mwen te pèdi nan peche/ men Jezi te reekri lavi mwen.” M gen tèlman lajwa kounye a lè lòt moun sove pa Jezi. M pa ka plènman eksprime satisfaksyon m ak lapè ki sòti nan peche padone yo....Mwen swete ke tout moun ki lite tankou mwen ta ka eksperimante padon de Jezi! Levanjil la ki ki te si tèn e san lavi oparavan, se palpitan kounye a, e kè m gonfle ak lajwa epi gratitid lè m tande mesaj yo sou Jezi. Remèsye Bondye pou atire m vè Pitit Li, Jezi. M ka di senpleman ak Apot Pòl, “Ann di Bondye mèsi pou gwo kado sa a li ban nou, yon kado ki pa gen parèy li” (II Korentyen 9:15)!

Chè zanmi, mwen menm mwen pa janm reyèlman te konnen siyifikasyon an de “lajwa” jiskaske mwen te konnen Kris la. Mwen te travèse anpil esè ak difikilte. Mwen te wont pa moun mwen te fè konfyans. Mwen te sèl e mwen te epwouve yon gran tristès. Mwen te mache pandan dèzè tout lannuit, chak swa. Mwen te resanti “tristès dous epi vyolan” pou m te poukont mwen san yon zanmi imen. Mwen te familyarize ak lannuit lan. Men toujou e toujou Jezi te mennen m atravè moman de tristès sa yo. Menm lè m te santi lòt moun pa t aksepte m, Jezi te toujou fè l. “Depi lè sa a pa lafwa mwen te wè kouran an/ blesi koule li yo,/ Lanmou redanmtè a se te tèm mwen/ e se pral jiskaske mwen mouri./ E se pral jiskaske mwen mouri,/ E se pral jiskaske mwen mouri,/ Lanmou redanmtè a se te tèm mwen,/ E se pral jiskaske mwen mouri.” Si ou toujou pèdi koute atantivman bèl chante sa a.

Mwen te eseye anven mil fason
Krent mwen yo pou kalme, espwa mwen yo pou eleve;
Men sa m bezwen an, Bid la di,
Se toujou, sèlman Jezi.

Nanm mwen se lannuit, kè m se asye –
M pa kapab wè, m pa kapab santi;
Pou limyè, pou lavi, m dwe fè apèl
Nan lafwa senp a Jezi.

Li mouri, Li viv, Li renye, Li plede;
Gen lanmoun nan pawòl Li yo ak akt li yo;
Gen tout bezwen de yon pechè koupab
Pou toujou nan Jezi.
   (“Nan Jezi” pa James Procter, 1913).

Ou kapab di, “Mwen pa konvenki. Ou pale de lanmou ak kwayans.” Ou di, “Mwen pa gen anmou pou Kris.” “Mwen pa kwè nan Li. Agiman ou yo pa konvenk mwen.”

Alò mwen dwe avèti ou. Yon jou ap rive ou pa pral tande pawòl dous yo de lanmou ak kwayans. Zòrèy ou yo pral frèt epi mouri. Pa pral gen okenn mo lapè ak padon pou ou. Tout bagay pral anglouti nan tenèb etènèl Lanfè a.

Koute m kounye a! Anvan Bondye pale ak ou nan kòlè ak jijman. E Bondye di ou, “Mwen te rele epi ou te refize.”

Tout sa m ka di ou se, èske w kwe Kris la ? Ou pral fè sa kounye a ? Aswè a ? M pa ka plis. M pa ka fè ou mete konfyans nan Jezi. M dwe kite l avèk Bondye. Pa pwisans li, Bondye te ouvè anpil kè pou fè Jezi konfyans. Ou tou pami anpil moun ke Bondye te atire a Jezi. Bondye te chwazi atire yo a Jezi. Si li pa desine w, pa gen anyen mwen kapab fè. Si Bondye pa t chwazi w pou sove, pa gen anyen de plis ke m kapab fè. Si ou pa youn nan eli yo, m pa ka fè anyen de plis.

Men si Bondye te pale nan kè nou aswè a, resevwa Kris. Resevwa Li kounye a. Ou menm ki plis bezwen Jezi, vini epi fè Li konfyans kounye a. Tout sa mwen te di yo pa p ap fè anyen si lespri Bondye a aplike l nan kè ou. Nou priye ke ou pral fè Jezi konfyans kounye tankou moun sa yo Pyè te pale nan tèks nou an. Nou te priye pou Bondye pou fè sa Li te fè avèk Jan Cagan, ak Emi Zabalaga epi moun ki antoure ou. Ke Bondye chwazi eli nan mitan sou aswè a. Se pou ou vin jwenn Jezi, mete konfyans ou nan Jezi, epi ou dwe sove pou tout tan pa tout San expiyatwa. Amèn.


LÈ OU EKRI DR. HYMERS OU DWE DI LI NAN KI PEYI W AP EKRI OSWA LI PA KA REPONN IMEL OU A. SI MESAJ SA YO BENI OU VOYE YON IMEL BAY Dr. Hymers. Imel Dr. Hymers se: rlhymersjr@sbcglobal.net (klike isi). Ou ka ekri Dr. Hymers in nenpòt lang, men ekri an anglè si ou kapab. Si ou vle ekri Dr. Hymers pa lapòs, adrès li se P.O. Box 15308, Los Angeles, CA 90015. Ou ka telefone l nan (818)352-0452.

(FEN MESAJ LA)
Ou ka li mesaj Doktè Hymers yo chak semèn sou entènèt la
nan www.sermonsfortheworld.com.
Klike sou “Mesaj an Kreyòl.”

Maniskri mesaj sa yo pa pwoteje pa dwadotè. Ou ka itilize yo san pèmisyon Dr. Hymers.
Sepandan, tout videyo mesaj Dr. Hymers yo, ak tout lòt mesaj yo sou videyo nan legliz nou
an, yo pwoteje pa dwadotè e yo kapab itilize sèlman ak pèmisyon.

Chante Solo Anvan Mesaj la pa Mesye Benjamin Kincaid Griffith:
“Nan Jezi” (pa James Procter, 1913).


CHEMA DE

WÈ OSWA KWÈ?

SEEING OR BELIEVING?

pa Doktè R. L. Hymers, Jr.

“Nou renmen l, atout nou pa te wè l. Nou gen konfyans nan li, atout nou pa wè l kounye a. Konsa, nou kontan ak yon kontantman nou pa ka esplike men ki merite lwanj, paske nou jwenn sa nou t ap chèche lè nou te kwè a: delivrans pou nanm nou.” (I Pyè 1:8, 9).

I.   Premyèman, wè se pa kwè, Lik 18:34; Jan 20:22; 1:11;
Ezayi 53:3.

II.  Dezyèmman, kwè se wè! Kantik de Salomon 2:10;
II Korentyen 9:15.